Sa Ou Kapab Fè Pou Prevni Kansè Poumon

Pataje
Lè pou Li: Apeprè 3 minit

Enfòmasyon sa yo eksplike kansè poumon an ak sentòm li yo. Yo dekri faktè risk ou genyen pou w devlope kansè poumon an, ak faktè elijiblite pou fè yon depistaj kansè poumon. Yo bay enfòmasyon sou prevansyon tou, tankou fason pou diminye risk ou genyen pou fè kansè poumon ak avantaj ki genyen lè w kite fimen.

Konnen Risk Ou Genyen pou fè Kansè Poumon

Yon faktè risk se nenpòt bagay ki ogmante risk ou genyen pou w trape yon maladi, tankou kansè. Faktè risk ki enpòtan pou kansè poumon an gen ladan yo laj ou ak kantite ane ou te pase ap fimen, si genyen.

Men kèk lòt faktè ki ka fè w gen risk:

  • Lè w aspire lafimen sigarèt lòt moun (lafimen ou rale san w pa vle).
  • Lè w aspire lòt sibstans ki bay kansè, tankou amyant, asenik, ak gaz echapman ki soti nan mòflè machin.
  • Lè w gen yon fanmi ki gen relasyon parantay ak ou ki te genyen oswa ki genyen kansè poumon.
  • Lè w an kontak ak radon (yon gaz radyo-aktif nou jwenn nan kèk kay ak bilding).

Ras ou, sèks ou lè w te fèt, ak mòdvi ou gendwa jwe yon wòl tou nan risk ou genyen pou fè kansè poumon. Pa egzanp, gason Nwa yo gen plis chans pou yo fè kansè poumon pase gason Blan yo, menm si yo konsome tabak menm jan. Fanm nwa yo gen mwens chans pou yo fè kansè poumon pase fanm blan yo.

Si w gen nenpòt nan faktè risk sa yo, pale avèk pwofesyonèl swen sante w la. Dekouvri si depistaj la apwopriye pou ou.

Konnen Sentòm Kansè Poumon an

Pifò moun pa gen okenn siy ki montre yo fè kansè poumon. Pafwa, premye siy maladi a bay se yon tach ki pa nòmal ki parèt nan yon radyografi pwatrin oswa eskanè ou te fè pou yon lòt rezon. Pale avèk pwofesyonèl swen sante w la si w santi ou genyen youn (1) oswa plizyè nan sentòm sa yo:

  • Tous ki anvlimen oswa ki pa disparèt.
  • Souf kout.
  • Doulè nan pwatrin.
  • Ou bay san lè w touse.
  • Ou megri san w pa jefò.
  • Ou toujou santi w fatige.

Amelyore Sante Poumon Ou

  • Pinga ou fimen. Se pi bon bagay ou kapab fè pou w kenbe poumon ou an sante. Si w fimen, gen tretman ki san danje ak efikas ki disponib pou ou.
  • Si sa posib, evite polyan ki anndan ak deyò yo, tankou lafimen, pwodui netwayaj, ak mwezi.
  • Lave men w souvan pou w pa trape enfeksyon respiratwa yo. Yo se enfeksyon nan pati kò ou ki patisipe nan respirasyon an, tankou sinis ou yo, gòj ou, vwa respiratwa ou, oswa poumon ou.
  • Fè yon egzamen fizik chak ane. Lè w al wè yon pwofesyonèl swen sante chak ane, sa ap ede w rete an sante.
  • Egzèsis kapab kenbe poumon ou djanm. Lè w fè omwen 30 minit aktivite pa jou, 5 jou pa semèn, li pi bon pou sante ou. Egzèsis la gen ladan l mache, fè djògin, kouri, netwaye kay ou, fè jadinaj oswa travay deyò kay, ak monte eskalye.
  • Al fè depistaj kansè poumon si w genyen ant 50 ak 80 lane epi:
    • Ou fimen kounye a oswa ou te kite fimen nan 15 dènye ane yo.
    • Ou te fimen an mwayèn 1 pòch sigarèt pa jou pandan 20 lane oswa valè ki reprezante menm kantite sigarèt la. Pa egzanp, ou kapab te fimen 2 pòch sigarèt pa jou pandan 10 lane oswa yon demi pòch pa jou pandan 40 lane.
Fè yon ti egzamen 2 minit pou w wè si w elijib pou fè depistaj kansè poumon.
  • Antre nan yon pwogram tretman pou moun ki konsome tabak pou ede w kite fimen.
    • Pwogram Tretman MSK pou Moun ki Konsome Tabak yogenyen espesyalis ki kapab ede w kite fimen. Pwogram nan ouvè pòt li pou tout moun ki fimen ak lòt moun ki konsome tabak. Li la pou moun ki pa t janm soufri kansè ni yon maladi ki gen rapò ak tabak, nenpòt moun ki gen dyagnostik kansè, ak sivivan kansè. Pwogram nan ofri anpil opsyon tretman pou ede w kite fimen. Opsyon yo gen ladan yo konsèy, telemedsin (vizit videyo avèk yon pwofesyonèl swen sante), fòmasyon, ak medikaman.

      Pou w jwenn plis enfòmasyon sou Pwogram Tretman nou an pou Moun ki Konsome Tabak, oswa pou w pale avèk yon Espesyalis nan zafè Tretman pou Moun ki Konsome Tabak, rele nan 212-610-0507.

Pale Avèk Pitit Ou A Sou Zafè Fimen

  • Si pitit ou a fimen, raple li danje sa gen ladan. Kontinye pale sou li yon fason pou li alèz pou l pale sou chwa sante li yo avèk ou.
  • Kòmanse pale ak pitit ou yo bonè nan lavi yo pandan yo nan lekòl matènèl epi pandan yo ap grandi. Lè w pale ak timoun yo bonè, sa kapab pèmèt yo di non si yo mande yo pou fimen.

Mezi Ou Kapab Pran Jodi a

  • Si w fimen, antre nan yon pwogram tretman pou moun ki konsome tabak pou ede w kite fimen oswa redui kantite sigarèt ou fimen.
  • Dekouvri risk ou genyen pou fè kansè poumon.
  • Konnen sentòm kansè poumon an.
  • Amelyore sante poumon ou avèk egzèsis epi nan evite polyan yo lè sa posib.
  • Si w gen yon pitit, pale avèk li sou danje ki genyen nan fimen.

Dènye Mizajou

Mèkredi, Fevriye 22, 2023