Sa Pou Konnen Sou Depistaj Kansè Pwostat

Pataje
Lè pou Li: Apeprè 3 minit

Kisa Kansè Pwostat la ye?

Kansè pwostat la afekte selil yo nan pwostat ou. Pwostat ou se yon glann ki gwosè yon nwa. Li la pou l pwodui epi estoke espèm. Li chita kò li anba blad pipi w ak devan rektòm ou.

Imaj 1. Anatomi pwostat la

Imaj 1. Anatomi pwostat la

Kisa Depistaj Kansè Pwostat la ye?

Depistaj la se lè w chèche kansè (oswa selil ki ka vin kansè) kay moun ki pa gen sentòm kansè. Depistaj la kapab detekte kansè a bonè lè li pi fasil pou l trete.

Gen yon kalite tès depistaj ki rele tès Antijèn Espesifik pou Pwostat (Prostate-Specific Antigen, PSA). Tès san sa a mezire nivo PSA ou, ki se yon pwoteyin ki fèt nan glann pwostat la. Yon tès PSA kapab ede detekte kansè pwostat la bonè lè tretman an pi fasil pou fèt.

Ki Risk Mwen Genyen Pou Mwen Fè Kansè Pwostat?

Premye etap pou w deside si depistaj la bon pou ou se lè w konnen risk ou genyen pou fè kansè pwostat la. Yon faktè risk se nenpòt bagay ki ogmante risk ou genyen pou w trape yon maladi, tankou kansè.

Nenpòt moun ki gen yon glann pwostat kapab devlope kansè pwostat. Sa gen ladan l moun tout sèks ki te fèt tou gason, fanm transjan yo ladan. Si w se yon fanm transjan epi ou te fè operasyon pou konfime sèks ou, li posib pou toujou gen yon glann pwostat. Ou ta dwe pale avèk pwofesyonèl swen sante w la sou zafè fè depistaj la.

Laj se pi gwo risk pou kansè pwostat la. Tank ou gen plis laj, se tank ou gen plis chans pou w devlope kansè pwostat la. Men lòt faktè ki fè w gen plis risk pou w devlope kansè pwostat la:

  • Lè w gen yon fanmi pre, tankou yon paran, frè oswa sè ki fè kansè pwostat. Sa a sitou valab si yo te dyagnostike li anvan li te gen 60 lane.
  • Lè gen chanjman (mitasyon oswa varyant) ki fèt nan kèk jèn yon paran transmèt ou. Jèn sa yo gen ladan yo jèn BRCA1 oswa BRCA2, HOXB13, ak ATM. Espesyalis jenetik klinik nou yo disponib pou yo ede w konprann nivo risk ou genyen an.
  • Ras ou. Kansè pwostat la afekte kominote moun Nwa a pi plis pase nenpòt lòt ras Ozetazini.

Pale avèk pwofesyonèl swen sante w la sou risk ou genyen pou gen kansè pwostat epi avantaj ak enkonvenyan ki genyen lè w fè depistaj. Sa kapab ede w pran desizyon pou konnen si depistaj la apwopriye pou ou.

Èske Depistaj Kansè Pwostat la Apwopriye Pou Ou?

Pifò kansè pwostat yo pa yon pwoblèm paske yo devlope lantman. Anpil moun ki gen kansè pwostat ap viv lontan. Men, gendelè kansè pwostat la kapab simaye nan lòt pati nan kò ou. Si w deside fè depistaj kansè pwostat, MSK konseye w suiv dènye konsèy ki anba yo. Konsèy sa yo aplikab pou moun ki gen risk mwayen ki gen esperans lavi 10 lane oswa plis. Yo gendwa diferan ak konsèy lòt gwoup espesyalis yo.

  • Si w gen ant 45 ak 49 lane. Panse pou pale avèk pwofesyonèl swen sante w la sou avantaj ak enkonvenyan ki genyen lè w fè yon PSA debaz. Si w deside fè yon tès epi nivo PSA ou:
    • 3 ng/mL oswa plis, pale avèk pwofesyonèl swen sante w la pou l fè yon biyopsi pou pwostat ou.
    • Ant 1 ak 3 ng/mL, fè yon lòt tès PSA chak 2 a 4 lane.
    • Mwens pase 1 ng/mL, fè yon lòt tès PSA ant 51 ak 55 lane.
  • Si w genyen ant 50 ak 59 lane. Panse pou fè yo verifye nivo PSA ou.Si w deside fè yon tès epi nivo PSA ou:
    • 3 ng/mL oswa plis, pale avèk pwofesyonèl swen sante w la pou l fè yon biyopsi pou pwostat ou.
    • Ant 1 ak 3 ng/mL, fè yon lòt tès PSA chak 2 a 4 lane.
    • Mwens pase 1 ng/mL, fè yon lòt tès PSA lè w gen 60 lane.
  • Si w genyen ant 60 ak 70 lane. Panse pou fè yo verifye nivo PSA ou. Si w deside fè yon tès epi nivo PSA ou:
    • 3 ng/mL oswa plis, pale avèk pwofesyonèl swen sante w la pou l fè yon biyopsi pou pwostat ou.
    • Ant 1 ak 3 ng/mL, fè yon lòt tès PSA chak 2 a 4 lane.
    • Mwens pase 1 ng/mL, nou pa rekòmande okenn lòt depistaj.
  • Si w genyen ant 71 ak 75 lane. Pale avèk pwofesyonèl swen sante w la pou konnen si pou fè yon tès PSA. Desizyon sa a ta dwe baze sou nivo PSA ou te konn genyen ak sante ou.
  • Si w gen 76 lane oswa plis. MSK pa rekòmande ou fè depistaj kansè pwostat.

Mezi Ou Kapab Pran Jodi a

  • Konnen risk ou genyen pou fè kansè pwostat.
  • Dekouvri tès depistaj ki pèmèt ou detekte siy kansè pwostat la.
  • Pale avèk pwofesyonèl swen sante w la pou konnen si depistaj la apwopriye pou ou.

Dènye Mizajou

Mèkredi, Fevriye 22, 2023