Enfòmasyon sa a ap ede w prepare pou andoskopi pati anlè lestomak ou a. Yon andoskopi nan pati anlè lestomak ou se yon egzamen pou gade ezofaj ou (tib dijestif la), lestomak ou, ak premye pati ti trip ou.
Pandan andoskopi nan pati anlè lestomak ou an, pwofesyonèl swen sante w la pral itilize yon tib fleksib ki rele andoskòp. Li pèmèt yo wè anndan ezofaj ou, lestomak ou ak ti trip ou nan yon ekran videyo. Yo kapab pran tou ecantiyon tisi tou piti oubyen retir e yon polip (yon kwasans tisi). Pwosedi sa a rele byopsi.
1 semèn anvan pwosedi ou an
Poze kesyon sou medikaman ou yo
Ou ka bezwen sispann pran kèk nan medikaman abityèl ou yo anvan pwosedi a. Diskite ak pwofesyonèl swen sante ou sou ki medikaman ou ka sispann pran san danje.
Nou mete kèk egzanp komen anba a, men gen lòt ankò. Asire w ke ekip swen sante w la okouran de tout medikaman sou preskripsyon ak san preskripsyon w ap pran yo. Yon medikaman sou preskripsyon se yon medikaman ou ka jwenn sèlman avèk yon preskripsyon nan men yon pwofesyonèl swen sante. Yon medikaman yo vann san preskripsyon vle di ou pa bezwen yon preskripsyon doktè pou achte l.
Li trè enpòtan pou ou pran medikaman ou yo kòrèkteman nan jou anvan pwosedi a. Si w pa fè sa, nou ka oblije ranvwaye pwosedi w la.
Antikowagilan (medikaman ki fonn san)
Yon antikowagilan se yon medikaman ki chanje fason san ou kaye. Yo souvan preskri antikowagilan pou ede prevni kriz kadyak, estwok, ak lòt pwoblèm ke sa ka koze lè san an kaye.
Si w ap pran antikowagilan, pale ak pwofesyonèl swen sante ki pwograme pwosedi w la, e ak lòt pwofesyonèl swen sante ki preskri w li a. Mande yo kisa pou fè anvan pwosedi w lan. Yo kapab di w pou sispann pran medikaman an pou yon sèten nonm jou anvan pwosedi ou a. Sa pral depann de ki tip pwosedi ou pral fè a, ak rezon w ap prann antikowagilan an.
Nou bay kèk egzanp antikowagilan ki komen pi ba. Genyen lòt, kidonk asire w ke ekip swen sante w la konnen tout medikaman w ap pran yo. Pa sispann pran antikowagilan ou an san ou pa pale ak yon manm ekip swen sante w la.
|
|
Lòt medikaman ak sipleman kapab chanje fason san ou kaye a. Nou gen pa egzanp vitamin E, lwil pwason, ak medikaman anti-enflamatwa ki pa genyen estewoyid ladan yo (NSAID yo). Kèlke egzanp NSAID yo se Ibipwofèn (Advil®, Motrin®) ak naproxen (Aleve®), men gen anpil lòt ankò.
Li How To Check if a Medicine or Supplement Has Aspirin, Other NSAIDs, Vitamin E, or Fish Oil. L ap ede w konnen ki medikaman ak sipleman ou dwe evite anvan pwosedi w la.
Medikaman pou dyabèt
Si w ap pran ensilin oubyen lòt medikaman pou dyabèt, pale ak pwofesyonèl swen sante ki te pwograme pwosedi w lan, e ak lòt pwofesyonèl swen sante ki preskri w li a. Mande yo kisa pou fè anvan pwosedi w lan. Ou ka bezwen sispann pran li oswa pran yon dòz (kantite) diferan ke dabitid. Ou ka bezwen swiv diferan enstriksyon tou sou sa w ap manje e bwè anvan pwosedi a. Suiv enstriksyon pwofesyonèl swen sante w la.
Ekip swen sante ou a ap kontwole nivo sik nan san ou pandan pwosedi a.
Medikaman pou fè moun pèdi pwa
Si ou pran medikaman pou pèdi pwa (tankou yon GLP - 1 medikaman), pale ak pwofesyonèl swen sante ki te pwograme pwosedi w la. Mande yo kisa pou fè anvan pwosedi w lan. Ou ka bezwen kanpe tretman an, swiv diferan enstriksyon sou sa w ap manje e bwè anvan pwosedi a, oswa toulède. Suiv enstriksyon pwofesyonèl swen sante w la.
Nou bay kèk egzanp medikaman ki ka lakoz moun pèdi pwa pi ba. Genyen lòt, kidonk asire w ke ekip swen sante w la konnen tout medikaman w ap pran yo. Gen kèk nan medikaman sa yo ki fèt pou ede jere dyabèt, men pafwa yo preskri yo sèlman pou pèdi pwa.
|
|
Di pwofesyonèl swen sante w lan si w gen yon AICD.
Di pwofesyonèl swen sante MSK ou a si ou gen yon defibrilatè otomatik ki enplante (AICD).
Pran yon lèt nan men doktè w la, si sa nesesè.
- Si ou gen yon defibrilatè otomatik ki enplante (AICD), w ap bezwen yon lèt otorizasyon de kadyològ ou a (doktè kè a) anvan pwosedi ou a. Yon lèt otorizasyon se yon lèt ki di ou kapab fè pwosedi a san danje.
- Si ou gen doulè nan lestomak, tèt vire, pwoblèm pu respire, oubyen ou endispoze andan 6 semèn ki sot pase yo, fòk doktè ou egzamine w, epi li dwe ba w yon lèt otorizasyon anvan pwosedi w la.
Klinik doktè MSK ou an dwe genyen lèt otorizasyon w lan omwen 1 jou anvan pwosedi w la.
Fè aranjman pou yon moun mennen ou lakay ou
Ou dwe genyen yon moun ki responsab laswenyay ou ki pou mennen ou lakay ou apre pwosedi w la. Yon moun ki responsab laswenyay ou se yon moun ki kapab ede ou ale lakay ou san danje. Li ta dwe an mezi pou li kontakte ekip swen w lan si li genyen nenpòt pwoblèm. Asire ou planifye sa anvan jou pwosedi w la rive.
Si ou pa gen yon moun ki responsab laswenyay ou ki pou mennen ou lakay ou, rele youn nan ajans anba yo. Yo ap voye yon moun ale lakay ou avèk ou. Yo mande yon frè pou sèvis sa a, epi ou ap oblije bay mwayen transpò. Pa gen pwoblèm pou w pran yon taksi oswa itilize sèvis machin, men ou ap toujou bezwen yon moun ki responsab laswenyay avèk ou.
| Ajans nan New York yo | Ajans nan New Jersey yo |
| VNS Health: 888-735-8913 | Caring People: 877-227-4649 |
| Caring People: 877-227-4649 |
3 jou anvan pwosedi w la
Yon enfimyè andoskopi ap rele w ant 8 è nan maten ak 6 è aprèmidi, 3 jou anvan pwosedi w la. Y ap revize enstriksyon ki nan gid sa avè w epi y ap poze w kesyon sou antesedan medikal ou. Enfimyè a ap revize medikaman w yo tou. Y ap di w ki medikaman pou pran nan maten jou pwosedi w la.
Jou anvan pwosedi w la
Note lè pwosedi w la
Yon manm pèsonèl la ap rele w aprè 12 è (midi) lavèy jou pwosedi w la. Manm pèsonèl la ap di w a ki lè ou ta dwe vini pou fè pwosedi w la. Si pwosedi w la pwograme pou lendi, y ap rele w nan jou vandredi anvan an. Si yo pa rele w, rele biwo pwofesyonèl swen sante w lan.
Si ou bezwen anile pwosedi w la, rele biwo planifikasyon gastwoentewoloji a nan 212-639-5020.”
Enstriksyon pou manje
Sispann manje a minwi (12è nan maten.) lavèy jou operasyon w lan. Ss enkli ladan l sirèt ak chiklèt.
Moun k ap ba w swen sante a kapab ba w plizyè enstriksyon sou kilè pou sispann manje. Nan ka sa a, swiv enstriksyon yo ba w yo. Gen kèk moun ki oblije fè jèn (pa manje) pandan plis tan anvan yo fè operasyon an.
Jou pwosedi w la
Enstriksyon pou bwè
Ant minwi (12è nan maten) epi de 2 èdtan anvan ou rive, bwè sèlman likid ki nan lis ki pi ba a. Pa manje ni bwè okenn lòt bagay. Sispann bwè likid de 2 èdtan anvan ou rive.
- Dlo.
- Ji pòm ki klè, ji rezen ki klè, oubyen ji krannberri ki klè
- Gatorade oubyen Powerade.
-
Kafe nwa oubyen te senp. Se pa yon pwoblèm si w ajoute sik ladan l. Pa ajoute okenn lòt bagay ladan l.
- Pa ajoute okenn kantite nan okenn kalite lèt oubyen krèm ladan l. Sa gen ladan l lèt ak krèm ki abaz plant yo.
- Pa ajoute siwo myèl
- Pa ajoute siwo ki bay gou.
Si ou soufri dyabèt, fè atansyon ak kantite sik ki nan bwason w ap bwè yo. Li ap pi fasil pou w kontwole nivo sik ki nan san ou si ou konsome vèsyon nan bwason sa yo ki pa gen sik, ki gen tikal sik, oubyen vèsyon ki pa sik yo ajoute yo.
L ap itil pou w rete idrate anvan operasyon an, kidonk bwè si ou swaf. Pa bwè depase. Yo ap ba ou likid nan venn (nan venn) pandan operasyon an.
Sispann bwè likid 2 èdtan anvan ou rive. Sa enkli ladan l dlo.
Moun k ap ba w swen an te kapab ba w plizyè enstriksyon sou kilè pou sispann bwè. Nan ka sa a, swiv enstriksyon yo ba w yo.
Bagay pou w sonje
- Pran sèlman medikaman pwofesyonèl swen sante w la te di pou te pran jou maten pwosedi w la. Pran yo avèk kèk ti gòje dlo.
- Pa mete okenn losyon, krèm, poud, makiyaj, pafen oubyen dlo kolòy.
- Retire nenpòt bijou ou gen sou ou, tankou pising ki nan kò ou.
- Kite bagay ki gen valè (tankou kat kredi ak bijou) lakay ou.
- Si ou pote vè kontak, mete linèt pito.
Sa pou w pote
- Yon lis medikaman ou pran lakay ou, li enkli ladan l plak medikal ak krèm.
- Ponp inalatè ijans (tankou albuterol pou opresyon), si ou gen youn.
- Yon bwat pou mete linèt ou.
- Fòm Pwokirasyon Swen Sante ou, si w te ranpli youn.
Kote pou w ale
Andoskopi pou pati anlè lestomak ou ap fèt nan youn nan kote sa yo:
-
David H. Koch Center
530 East 74th Street
New York, NY 10021
Pran asansè pou monte nan 8yèm etaj la. -
Endoscopy Suite nan Memorial Hospital (lopital prensipal MSK a)
1275 York Avenue (ant East 67th and East 68th Streets)
New York, NY 10065
Pran asansè B a pou monte nan 2yèm etaj la. Vire adwat ep antre nan inite Andoskopi/Lopital Chiriji Lajounen an atravè pòt an vit yo. -
MSK Monmouth
480 Red Hill Road
Middletown, NJ 07748
Ale sou www.msk.org/parking pou w jwenn enfòmasyon sou pakin ak itinerè pou tout kote MSK chita kò l yo.
Sa pou w atann
Depi ou rive
Depi w rive, y ap mande w anpil fwa pou bay non w epi eple l, ansanm ak dat ou fèt. Se pou sekirite ou. Moun ki gen menm non yo oswa non ki sanble yo gendwa ap fè pwosedi yo menm jou a.
Aprè ou fin mete rad lopital la, ou pral rankontre ak yon enfimyè. Y ap mete yon katetè pou venn ou (IV) anndan youn nan venn ou yo, jeneralman nan men w oubyen nan bra w. Yo pral itilize IV a pou ba w anestezi (medikaman ki pou fè w dòmi) pandan pwosedi ou a. Ou ka pran likid tou atravè IV a anvan pwosedi ou a.
W ap pale ak doktè w la anvan pwosedi w la. Y ap eksplike w pwosedi a epi y ap reponn kesyon w yo.
Pandan pwosedi w la
Depi lè pwosedi a rive, w ap antre nan sal pwosedi a epi y ap ede w monte sou tab egzamen an. Pwofesyonèl swen sante w la pral plase yon ekipman pou kontwole kè w, respirasyon w ak tansyon w. Ou pral jwenn oksijèn atravè yon tib fen ki ap chita anba nen w. Y ap ba w tou yon pwoteksyon pou bouch ke y ap plase sou dan w pou pwoteje yo.
Y ap ba w anestezi nan IV ou a , sa ki pral fè w dòmi. Yon fwa dòmi pran w, doktè w la pral pase andoskòp la atravè bouch ou. Li pral desann nan ezofaj ou, nan lestomak ou ak nan ti trip ou. Doktè w la ap fè plizyè byopsi pou l ka jwenn echantiyon tisi, si sa nesesè. Aprè sa y ap retire andoskòp la.
Aprè pwosedi ou a
Enfimyè w lan ap kontinye kontwole kè w, respirasyon w ak tansyon w. Ou ka santi ti doulè nan gòj ou. Si ou ta santi l, doulè a ta dwe ale nan 1 ou 2 jou.
Depi je ou klè nèt, enfimyè w la ap retire sewòm ou an. Enfimyè w la ap eksplike w enstriksyon egzeyat ou a anvan ou ale lakay ou.
Lè ou rive lakay ou
Pa bwè bwason ki gen alkòl panda 24 èdtan (1 jou) aprè pwosedi w la.
Lè pou rele pwofesyonèl swen sante ou
Rele pwofesyonèl swen sante w la si w gen youn nan bagay sa yo:
- Yon fyèv 101 °F (38.3 °C) oubyen ki pi wo ke sa
- Doulè lestomak oubyen souf kout (mal pou respire)
- Gwo doulè, abdomèn ou ki di oubyen anfle (vant)
- San nan vomisman w (vomi)
- Feblès, endispozisyon, oubyen toulède
- Nenpòt lòt kesyon oubyen enkyetid