Gid Rapid pou Preparasyon Trip la: Radyoterapi pou Kansè Pwostat MSK Precise® la

Lè pou Li: Sou2 minit

Enfòmasyon sa a ap ede w konnen kòman pou prepare trip la anvan e pandan radyoterapi pou kansè pwostat MSK Precise ou a.

3 jou anvan similasyon w lan:

  • Kòmanse pran 2 konprime (125 mg) simethicone (Gas-X®) anvan w manje maten epi aprè w fin manje nan aprèmidi. Pran yo chak jou.
  • Kòmanse pran 1 konprime (5 mg) bisacodyl (Dulcolax®) lannwit. Pran l chak swa.

Yon enfimyè ap ba w yon lavman dlo sale pandan randevou similasyon w lan.

Ou ka sispann pran tablèt simethicone nan ak tablèt bisacodyl la apre similasyon w lan pandan ekip swen w lan ap planifye terapi w yo.

3 jou anvan premye radyoterapi w la

  • Rekòmanse pran 2 konprime (125 mg) simethicone (Gas-X) aprè manje maten ak manje aprèmidi chak jou.
  • Rekòmanse pran 1 konprime (5 mg) bisacodyl (Dulcolax) chak swa.

Kontinye pran simethicone (Gas-X) ak bisacodyl (Dulcolax) chak jou jiskaske w fin fè radyoterapi a. Si ekip k ap pran swen w lan ba w lòt enstriksyon, swiv sa yo di w yo pito.

Pandan radyoterapi ou an

  • Eseye poupou nan espas 1 èdtan anvan randevou radyoterapi w yo. Pa egzanp, si randevou w la a 9è nan maten, bat pou poupou a 8è nan maten ak lè w deplase pou w ale nan randevou a. Mande ekip swen w lan sa pou w fè si w pase plizyè èdtan nan wout pou ale nan randevou.
  • Si w pa poupou nan espas 1 èdtan anvan randevou w la:
    • Bay tèt ou yon lavman dlo sale anvan ou ale nan randevou w lan.
    • Pa manje gwo manje apre w fin bay tèt ou lavman an. Bwè sèlman likid klè, tankou dlo, bwason pou espòtif ki san ma (tankou Gatorade), ak ji fri san ma.

Di ekip swen w lan sa si dyare kòmanse pran w. Nou kapab ede w ajiste dòz bisacodyl ou a.

Di ekip swen w lan si w suiv enstriksyon sa yo men ou toujou pa ka poupou anvan chak terapi. Nou kapab ajiste preparasyon trip ou a pou n jwenn yon bagay ki fonksyone pi byen pou ou.

Rapèl enpòtan

Pou w redui gaz ak balonnman:

  • Manje dousman, moulen manje a byen, epi evite itilize chalimo oswa bwè nan boutèy ak bwat. Sa ap pèmèt ou evite vale van.
  • Evite bwason gazez, tankou seltzer, kola, ak byè.
  • Limite manje ak bwason ki bay gaz lè ou fin dijere yo. Pa egzanp bwokoli, chou Briksèl, chou, chouflè, chou frize, zonyon, lay, fwi sèk, lèt ak pwodwi letye si w alèji ak laktoz. Li seksyon “Gid pou rejim alimantè ki limite gonfleman nan Konsènan Radyoterapi MSK Precise™ pou Kansè Pwostat pou wè lis konplè a.
  • Manje legim ki kwit yo olye de legim ki kri yo.

Pou pèmèt blad pipi w plen:

  • Li enpòtan pou w rete byen idrate. Pifò moun dwe genyen yon vesi ki byen plen pou similasyon ak radyoterapi yo.
  • Nou konseye w bwè apeprè 64 ons (8 tas) dlo chak jou anvan randevou w yo, sof si yon lòt pwofesyonèl swen sante di w pou limite kantite dlo ou bwè.
  • Yon radyoterapet ap ba w plis enstriksyon pandan randevou similasyon w lan.
Dènye Mizajou
Fevriye 6, 2026

Learn about our Health Information Policy.

Di nou sa ou panse

Di nou sa ou panse

Opinyon ou ap ede nou amelyore enfòmasyon edikatif nou bay yo. Ekip swen ou a pa ka wè anyen ou ekri nan fòm opinyon sa a. Tanpri pa itilize li pou poze kesyon sou swen ou. Si ou gen kesyon sou swen ou, kontakte founisè swen sante ou.

Menm si nou li tout opinyon yo, nou pa kapab reponn okenn kesyon. Tanpri pa ekri non ou oswa okenn enfòmasyon pèsonèl sou fòm opinyon sa a.

Èske enfòmasyon sa a te fasil pou konprann?
Tanpri pa ekri non ou ni enfòmasyon pèsonèl ou yo.