Enfòmasyon sa yo pral ede w prepare pou fè radyoterapi MSK Precise la nan pwostat ou. Li eksplike a kisa pou w atann ou. Li eksplike tou kijan pou w pran swen tèt ou anvan, pandan, epi aprè radyoterapi w la.
Resous sa a gen anpil enfòmasyon. Diferan seksyon yo ka itil ou a diferan moman. Nou konseye w pou li resous sa a yon premye fwa anvan ou kòmanse radyoterapi a pou ka konnen a kisa pou atann ou. Aprè sa, retounen ladan l pandan radyoterapi w la.
Enfòmasyon ki nan resous sa a jeneral. Radyoterapi w la pral fèt espesyalman pou ou. Gen kèk pati nan tretman w lan ki ka diferan de jan li dekri la a. Ekip radyoterapi w la ap di w a kisa pou atann ou.
Konsènan radyoterapi a
Radyoterapi a itilize radyasyon ki gen gwo enèji pou li trete kansè. Aksyon li fè a se andomaje selil kansè yo pandan li ap anpeche yo miltipliye. Apresa, kò ou kapab natirèlman elimine selil ki gen kansè ki andomaje yo. Radyoterapi a afekte selil nòmal yo tou, men yo kapab repare tèt yo yon fason selil ki gen kansè yo pa kapab.
Radyoterapi a pran tan pou li aji. Ou bezwen plizyè jou oswa semèn anvan selil ki gen kansè yo kòmanse mouri, epi yo ap kontinye mouri pandan plizyè semèn oswa plizyè mwa apre radyoterapi a fin fèt.
W ap gen yon pwosedi pou planifikasyon tretman ki rele similasyon anvan premye tretman radyasyon w lan. Pandan similasyon w lan, radyoterapet yo ap fè eskanè imaj yo epi yo ap make po ou avèk ti pwen tatou. Sa fèt pou:
- Pou yo planifye kote ou ap fè tretman an.
- Asire ke ou pran yon dòz (kantite) radyasyon ki apwopriye a.
- Limite kantite radyasyon ki rive tou prè tisi ki an sante yo.
Konsènan MSK Precise
MSK Precise pa menm ak radyoterapi tradisyonèl la. Li itilize yon fòm radyoterapi presi epi ki gen dòz fò ki rele radyoterapi kòporèl estereyotaktik (stereotactic body radiotherapy, SBRT) pou li sible timè yo avèk dòz radyasyon ki fò.
Li nòmal pou pwostat ou ak lòt ògàn ou yo fè yon ti deplase lè w ap respire ak chanje pozisyon. Sa kapab rive pandan ou ap resevwa tretman ou yo. Anvan w kòmanse fè MSK Precise la, ou ka genyen kèk makè de referans (yon seri ti makè an metal ou ka wè nan eskanè imaj la) ke yo mete nan pwostat ou. Makè sa yo ap pèmèt radyo-onkològ ou a konnen egzakteman kote pwostat ou ye pandan tretman w lan. Sa ap pèmèt yo sible dòz radyasyon ki fò dirèkteman sou pwostat ou. Ou ka li plis toujou sou makè yo nan seksyon “makè de referans ak plasman espasè rektal”.
Ou ap resevwa radyoterapi MSK Precise ou a pandan 5 tretman. Kantite sa a mwens pa rapò ak lòt kalite radyoterapi yo paske dòz tretman yo pi fò. Pandan tretman radyasyon w yo, yon aparèy pral dirije reyon radyasyon yo dirèkteman sou timè a. Reyon yo pase nan kò ou epi yo andomaje selil ki gen kansè yo kwaze sou chemen yo. Ou p ap wè ni santi reyon yo.
Yo kapab itilize MSK Precise poukont li oubyen ansanm avèk lòt tretman kont kansè pwostat, tankou brakiterapi oubyen terapi òmonal.
Wòl ou jwe nan ekip radyoterapi ou a
Ekip radyoterapi w la pral travay ansanm pou yo pran swen ou. Ou fè pati ekip sa a, epi wòl pa ou se:
- Ale nan randevou ou yo a lè.
- Poze kesyon ak pale sou enkyetid ou yo.
- Di nou lè ou genyen efè segondè yo.
- Di nou si w genyen doulè.
-
Pran swen tèt ou lakay ou lè w:
- Kite fimen, si w fimen. MSK genyen espesyalis ki kapab ede w. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou Pwogram Tretman pou Moun ki Fimen Tabak nou an, rele nan 212-610-0507.
- Pran swen po ou jan nou di w la
- Bwè likid jan nou di w la.
- Manje oubyen evite manje ak bwason nou konseye w yo.
- Pran medikaman ki la pou prepare trip ou yo selon enstriksyon nou yo.
- Konsève apeprè menm pwa a.
Kisa ki pase anvan radyoterapi MSK Precise lan
Makè de referans ak plasman espasè rektal
Anvan ou kòmanse MSK Precise la, gen kèk ti bagay ki pou fèt tankou mete ti makè oswa yon espasè rektal an plas.
- Makè de referans yo se yon seri ti objè an metal (ki gwosè yon grenn diri). Yo pèmèt pwofesyonèl swen sante ou yo alinye reyon radyasyon yo epi asire yo ou resevwa radyoterapi yo egzakteman menm jan an a chak fwa. Sa pèmèt yo sible timè a san yo pa andomaje tisi ki anfòm ki toupre a. Makè de referans yo ap rete nan pwostat ou aprè tretman w lan.
- Yon espasè rektal se yon jèl ki rele idwojèl SpaceOAR® ke yo plase ant pwostat ou ak rektòm ou,(ki se pwent anba kolon ou) pou separe yo. Li pwoteje rektòm ou kont radyasyon epi li redwi kèk efè segondè radyoterapi a. Espasè rektal la ap rete an plas pandan anviwon 3 mwa. Apresa, kò ou ap absòbe li epi li ap soti nan pipi ou (pipi).
Si y ap mete makè de referans oubyen yon espasè rektal pou ou, pwofesyonèl swen sante w la ap di ou a kisa pou atann ou. Y ap ba ou resous la About Your Fiducial Marker and Rectal Spacer Placement.
Konsèvasyon espèm
Testikil ou yo pral ekspoze a radyasyon pandan radyoterapi ou a. Sa ka afekte pwodiksyon espèm ou ak abilite pou gen pitit byolojik aprè radyoterapi a. Si ou panse ou ka vle gen pitit byolojik, nou rekòmande ou konsève espèm ou anvan w kòmanse tretman an.
Pou w jwenn plis enfòmasyon, li Sperm Banking ak Building Your Family After Cancer Treatment: For People Born With Testicles.
Preparasyon Trip
Ou ap oblije elimine rès poupou (matyè fekal) ki nan kò ou pou fè similasyon an ak tretman radyasyon w yo. Yo rele sa preparasyon trip. Preparasyon trip ede diminye risk pou efè segondè.
Kòman preparasyon trip redwi risk efè segondè
Trip ou se ti entesten, gwo entesten (kolon) ak rektòm ou. Rektòm ou se kote poupou a te estoke anvan li soti nan kò w.
Trip ou vin pi gwo oubyen pi piti depann de a ki nivo yo plen. Lè yo chanje gwosè yo deplase tisi ak ògán ki bò kote yo a tou, sa gen ladan l pwostat ak vesi.
Preparasyon trip lave trip ou. Li ede timè ak tisi ki an sante ki tou prè yo rete nan yon sèl kote pou similasyon ak tretman w yo. Sa ede tisi w yo rete an sekirite kont twòp radyasyon e li redwi risk pou soufri efè segondè.
Materyèl pou preparasyon trip
Men materyèl w ap bezwen yo:
- Sipleman fib ki kapab fonn ki abaz metilseliloz, tankou poud Citrucel®.
- Grenn Simetikòn 125 miligram (mg), tankou Gas-X® Extra Strength.
- 6 lavman ak dlo sale, tankou lavman ak dlo sale ki rele Fleet® la.
Ou kapab achte yo nan famasi ki nan zòn ou an san preskripsyon.
Enstriksyon pou preparasyon trip yo
Li enpòtan anpil pou swiv enstriksyon pou preparasyon trip ou yo. Si trip ou pa vid anvan similasyon ak tretman ou yo, ou ka bezwen yon lavman adisyonèl. Li ka fè similasyon oubyen tretman w lan pran plis tan tou.
Yon moun nan ekip radyoterapi w la ap di w egzakteman lè pou w kòmanse prepare trip ou. W ap kòmanse omwen twa (3) jou anvan randevou similasyon w lan.
- Pran yon (1) gwo kiyè poud metilseliloz chak jou. Swiv enstriksyon ki sou pake a pou w ka fonn li nan likid.
- Pran 2 konprime simetikòn (125 miligram) lavèy (nwit anvan) randevou similasyon an ak randevou tretman yo.
- Itilize yon lavman ak dlo sale 3 èdtan anvan randevou similasyon an ak randevou tretman ou yo.
- Pran 2 konprime simetikòn (125 miligram) anviwon 2 èdtan anvan randevou similasyon an ak randevou tretman yo.
Kontinye pran poud metilseliloz la chak jou jiskaske ou fini ak radyoterapi a.
Si ekip k ap pran swen w lan ba w enstriksyon ki diferan, swiv sa yo di w yo pito.
Konsèy sou sa pou manje pou redwi gonfleman.
Pandan radyoterapi w lan, gaz oswa likid kapab akimile nan trip ou epi lakoz ou gonfle. Lè ou gonfle, trip ou kapab detire rive nan zòn tretman an epi ekspoze a radyasyon an. Sa kapab lakoz efè segondè oswa agrave efè segondè ou yo.
Swiv konsèy anba yo pou w ka diminye risk pou w gonfle pandan radyoterapi a. Pito ou kòmanse 2 ak 3 jou anvan similasyon an epi ou kontinye jiskaske ou fin fè radyoterapi a.
- Moulen manje a byen moulen.
-
Limite oswa evite manje ki bay gaz lè yo dijere, tankou:
- Aspèj
- Byè
- Bwokoli
- Chou briksèl
- Chou
- Chouflè
- Mayi
- Pwa sèch, ti pwa, ak lòt legim yo.
- Lay
- Powo
- Lèt ak lòt pwodui lèt ki gen laktoz (si w pa tolere laktoz)
- Zonyon
- Prin
- Evite tout bwason gazez, tankou kola ak dlo ki gen gaz yo.
- Limite oswa evite alkòl ki gen sik yo, tankou zilitòl, sòbitòl, ak manitòl. Manje ki pa gen sik yo souvan genyen alkòl ki gen sik ladan yo. Si w nan dout, verifye lis engredyan an ki sou etikèt ki bay Enfòmasyon Nitrisyonèl la.
- Manje legim ki kwit yo olye de legim ki kri yo.
- Selon sentòm ou genyen yo, pwofesyonèl swen sante w la gendwa di ou pou w manje plis fib oswa mwens fib. Swiv enstriksyon yo ba ou yo.
Si w gonfle oubyen w gen gaz, yon jounal ki kontwole sa w manje kapab ede w dekouvri ki manje ki fè sa. Note manje ou yo ak bwason ou bwè yo, lè ou konsome yo a, ak lè ou kòmanse santi w gonfle an. Vini avèk jounal manje w la nan randevou yo. Pwofesyonèl swen sante w la ap itilize l pou li ede w jere gonfleman an.
Yon dyetetisyen-nitrisyonis klinik kapab pale avèk ou sou sa ou ap manje pou li ka ede w prepare yon rejim alimantè ki bon pou ou. Si w ta renmen chita pale avèk yon dyetetisyen-nitrisyonis klinik, mande radyo-onkològ ou a oswa enfimyè w la refere w youn.
Bwè dlo, si sa nesesè.
Kèk moun dwe genyen yon vesi ki plen pandan similasyon ak tretman radyasyon yo. Lè vesi a plen, sa ka ede li pouse ti trip la an deyò de zòn tretman an. Sa ede pou anpeche efè segondè yo kòmanse oubyen vin pi mal.
Ekip swen w lan ap di w si vesi w dwe plen pou similasyon an ak tretman radyasyon w yo. Y ap di w ki valè dlo pou bwè anvan chak grenn randevou w yo. Y ap di w tou kilè pou kòmanse bwè l.
Toujou rete idrate anvan randevou yo, si sa nesesè.
Si w ap bezwen yon vesi ki plen, rete byen idrate nan jou anvan yo ak nan jou randevou w yo. Bwè dlo pandan tout jounen an ak nenpòt lè ou santi w swaf. Sa ede dlo ekip swen w lan te di pou bwè anvan randevou w lan plen vesi w pi vit. Li pran 30 a 60 minit pou vesi w plen lè kò w byen idrate. Li pran plis tan si ou dezidrate.
Li enpòtan pou bwè dlo pou ka rete idrate. Lòt likid (tankou kafe, chokola cho, epi te) pa plen vesi w osi byen ke dlo fè l la.
Randevou pou similasyon
Medikaman pou pran
Lavèy randevou similasyon ou an:
- Pran 2 konprime simetikòn (125 miligram).
Nan jou randevou similasyon an:
- Pran 1 kiyè poud metilseliloz kòm dabitid.
- Fè yon lavman tou dèyè w ak trip ou ak yon dlo sale 3 èdtan anvan randevou w la. Swiv enstriksyon ki sou bwat la.
- Pran 2 konprime simetikòn (125 miligram) anviwon 2 èdtan anvan randevou w lan. Sa yo se anplis de konprime ou te pran nan nwit anvan an.
- Pran medikaman ou abitye pran yo.
Ou ap kouche nan yon sèl pozisyon pandan similasyon w lan. Si ou panse ou pral enkonfòtab, pran yon medikaman pou doulè ki pa bezwen preskripsyon oubyen medikaman pou doulè abityèl ou a 1 èdtan anvan similasyon w lan. Pale avèk pwofesyonèl swen sante ou a depi alavans.
Si w panse ou ka santi w enkyè pandan similasyon an, pale ak pwofesyonèl swen sante w la alavans. Yo ka konseye medikaman pou ede.
Kisa pou manje ak bwè
Depi pwofesyonèl swen sante w la pa entèdi w, ou kapab pran yon repa lejè.
Si ekip swen w lan ba w enstriksyon pou bwè dlo anvan randevou w lan, swiv enstrisyon yo a.
Sa pou mete sou ou
Mete rad ki pa sere ki fasil pou retire. Ou pral oblije chanje rad pou mete yon rad lopital.
Retire aparèy yo sou po ou
Yo gendwa mete kèk aparèy sou po ou. Anvan similasyon oswa tretman w lan, fabrikan aparèy yo konseye w retire sou po ou:
- Glikomèt pèmanan (continuous glucose monitor, CGM)
- Ponp ensilin
Si w itilize youn nan sa yo, mande radyo-onkològ ou a si ou dwe retire li. Si w itilize youn, asire ou pote yon aparèy anplis pou w mete sou ou apre similasyon oswa tretman ou an.
Ou ka pa konnen fason pou w jere glikoz ou pandan aparèy ou a fèmen. Si se sa, anvan randevou w la, pale avèk pwofesyonèl swen sante k ap jere dyabèt ou a.
A kisa pou atann ou lè ou rive
Yon manm ekip radyoterapi ou a ap anrejistrre w lè ou rive. Y ap ba w yon braslè idantifikasyon (ID) ki gen ladan l non ou ak dat ou fèt la. Anpil nan manm pèsonèl yo ap tcheke braslè idantifikasyon w lan epi mande w non w ak dat ou fèt pandan randevou w lan.Sa a se pou sekirite ou. Li posib pou moun ki gen menm non ak ou oswa non ki sanble ak non ou ap resevwa swen menm jou ak ou.
Radyoterapet ou yo ap salye ou epi yo ap fè foto figi ou. Y ap itilize foto sa a pou yo idantifye ou pandan tout radyoterapi w la. Epitou, yo ap rewè sa ki pral pase pandan similasyon w lan. Si ou poko siyen yon fòm konsantman, radyoterapet yo ap gade li ansanm avèk ou. Y ap reponn kèlkeswa kesyon ou genyen epi y ap mande w pou siyen li.
Radyoterapet ou yo ka mande w tou pou bwè dlo pou vesi w ka plen anvan similasyon w lan. Y ap di w ki valè dlo pou bwè. Lè w gen vesi w ki byen plen epi trip ou ki vid, sa ede w deplase tisi ki an sante yo lwen reyon radyasyon yo. Sa pèmèt yo redwi risk pou gen efè segondè.
Lè moman pou fè similasyon an rive, ou pral chanje rad pou mete yon rad lopital. Kite soulye nan pye ou.
A kisa pou atann ou pandan similasyon w lan
Radyoterapet ou yo ap ede w monte sou tab similasyon w lan. Tab la ap gen yon dra sou li, men li di epi li pa gen kousen. Si ou pa pran medikaman pou doulè epi w panse ou ka bezwen l, di radyoterapet ou yo sa anvan similasyon an kòmanse.
Radyoterapet ou yo ap ede w pran yon bon pozisyon pou similasyon w lan. W ap kouche sou do epi w ap repoze tèt sou kote ki pou sipòte tèt ou a. Radyoterapet ou yo ap mete janm ou ak pye w nan yon kousen imobilizasyon pou pati enferyè kò w (wè Figi 1). Yo se kousen ki di, ki la pou kenbe janm ou ak pye w anplas. W ap itilize yo pou similasyon w lan ak pou tout tretman w yo pou ka toujou nan menm pozisyon an a chak fwa. Si w bezwen pou kote pou repoze tèt ou a pi wo oubyen yon kousen pou jenou pou ka konfòtab, tanpri mande sa.

Imaj 1. Kousen imobilizasyon pati enferyè kò a
Similasyon w lan pral pran 1 a 2 èdtan men li ka pi kout oubyen pi long, sa pral depann de tretman espesifik ou a. Radyoterapet ou yo ka mete mizik pou ede w pase tan an.
Lè similasyon an kòmanse, pinga ou bouje kò w. Li enpòtan pou w rete nan menm pozisyon an. Si w pa alèz oubyen ou bezwen moun ede w, di radyoterapet ou yo sa.
Imaj eskanè ak pozisyonman.
Pandan similasyon w lan, radyoterapet ou yo ap itilize imaj eskanè pou tcheke epi ajiste pozisyonman w. Y ap wè makè de referans yo nan pwostat ou nan imaj sa yo. Yo pral tcheke tou si vesi w plen e si trip ou vid.
Yo ka fè imaj eskanè yo nan yon aparèy ak reyon x ke yo rele similatè oubyen nan yon aparèy eskanè ki se yon tomografi sou òdinatè (CT). Ou kapab genyen tou yon imaj eskanè apati rezonans manyetik (MRI). Yo sèvi ak eskanè sa yo sèlman pou yo planifye tretman w yo. Yo pa itilize yo pou fè dyagnostik ni pou detekte timè.
Si pa gen ase likid nan vesi w oubyen ou gen twòp poupou oubyen gaz nan trip ou, radyoterapet ou yo ap ede w desann tab similasyon an. Y ap ba w tan pou plen vesi w oubyen pou lave trip ou. Y ap retounen mennen w nan chanm similasyon an pita.
Si ou gen twòp gaz nan trip ou epi ou pa ka fè yo soti poukont ou, radyoterapet ou yo ap kapab ede w. Yo ka foure yon ti kawotchou ki librifye nan rektòm ou pou retire gaz la si li fasil pou atenn.
W ap santi tab similasyon an k ap antre epi soti nan eskanè a epi w ap tande aparèy la k ap limen epi etenn. Menm si bri a sanble fò, radyoterapet ou yo ap an mezi pou yo tande ou si w bezwen pale avèk yo. Y ap fè antre soti pandan nan sal la pandan eskanè yo, men sal la gen yon mikwofòn, yon espikè ak yon kamera. Ap toujou gen yon moun ki kapab wè w ak tande w.
Radyoterapet ou a ap limen epi etenn limyè yo nan sal la pandan similasyon w lan. Ou ap wè limyè lazè wouj oswa vèt sou chak miray. Radyoterapet ou yo itilize yo pou ede pozisyone w sou tab la.
Mak sou po (tatou) ak foto
Radyoterapet ou yo ap itilize yon makè pou fè yon desen sou po w nan zòn tretman an. Imedyatman yo asire ke ou nan pozisyon apwopriye a, y ap fè kèlke ti tatou avèk yon egwi ki pwòp epi avèk yon gout lank. Ou ap santi chak tatou se tankou yon piki. Tatou yo p ap pi gwo pase yon tèt zepeng.
Radyoterapet ou yo ap fè plizyè foto ou nan pozisyon similasyon w lan. Y ap itilize foto ak tatou ou yo pou yo pozisyone w kòrèkteman sou tab la chak jou pandan tretman w lan.
Ou kapab retire mak ki fèt ak fet yo apre similasyon ou an. Tatou yo ap rete nèt. Dlo p ap kapab retire yo. Si ou gen enkyetid sou fason pou w fè tatou nan kad tretman ou ap fè ak reyon an, pale avèk radyo-onkològ ou.
Fason pou w pwograme tretman radyasyon ou yo
N ap pwograme preparasyon pwosedi ou a ak randevou tretman radyasyon w yo anvan ou kite randevou similasyon w lan.
Nou fè radyoterapi MSK Precise chak jou oswa chak de (2) jou soti lendi rive jiska vandredi. Tretman w lan kapab kòmanse nenpòt jou nan semèn nan. Ou ap fè 5 tretman antou.
Chak randevou tretman jeneralman pran 20 a 30 minit, osi lontan ke vesi w plen epi rektòm ou vid. Randevou w yo ap pi long si w ap bezwen plen vesi w oubyen si w ap bezwen lave rektòm ou. Y ap pran plis tan tou si ou gen yon vizit planifye pou tcheke estati avèk radyo-onkològ ou a.
Si w pa kapab vini nan yon tretman pou yon rezon, rele klinik radyo-onkològ ou a pou w mete ekip radyoterapi w la okouran. Si ou bezwen chanje orè w la pou nenpòt rezon, pale avèk radyoterapet ou yo.
Tcheke orè tretman w lan
Ou ka wè orè tretman w lan nan paj pasyan w lan, MyMSK (my.mskcc.org). Si ou pa genyen yon kont MyMSK, ou kapab enskri sou my.mskcc.org. Ou kapab jwenn yon nimewo idantifikasyon enskripsyon lè w rele nan 646-227-2593 oswa lè w rele klinik doktè w la.
Li itil anpil pou itilize MyMSK pou swiv lè randevou w yo. N ap rele w si nou bezwen repwograme nenpòt nan randevou tretman w yo.
Planifikasyon tretman an
Ant similasyon w lan ak premye tretman w lan, radyo-onkològ ou a ap travay ak yon ekip pou planifye tretman w yo. Y ap itilize eskanè similasyon w yo pou planifye ak prekosyon ang ak fòm reyon radyasyon w yo. Epitou, y ap detèmine dòz radyasyon ou pral resevwa a. Yo ap byen planifye ak verifye detay sa yo. Sa kapab pran jiska 2 semèn.
Plan tretman w lan baze sou fòm ak gwosè kò w nan moman similasyon w lan. Eseye kenbe pwa w nan yon entèval de 5 a 10 liv (2.3 a 4.5 kilogram) de pwa nòmal ou. Sa ede yo asire ke plan tretman radyasyon w lan rete egzak.
Sa ki pase pandan radyoterapi MSK Precise la
Sonje pou kontinye pran poud metilseliloz chak jou jiskaske ou fini ak radyoterapi ou a.
Kontinye swiv rejim alimantè yo rekòmande w la pou minimize gonfleman jiskaske ou fini ak radyoterapi w la.
Randevou pou tretman radyasyon yo
Medikaman pou pran
Nwit anvan chak randevou tretman an:
- Pran 2 konprime simetikòn (125 miligram).
Jou chak randevou tretman an:
- Pran 1 kiyè poud metilseliloz kòm dabitid.
- Fè yon lavman tou dèyè w ak trip ou ak yon dlo sale 3 èdtan anvan randevou w la.
- Pran 2 konprime simetikòn (125 miligram) anviwon 2 èdtan anvan randevou w la.
- Pran medikaman ou abitye pran yo.
Pou tretman radyasyon w yo w ap nan menm pozisyon ou te ye pandan similasyon w lan. Si medikaman pou doulè oswa anksyete te ede w pandan similasyon w lan, ou ka vle pran l anvan tretman radyasyon w yo. Pran li anviwon 1 èdtan anvan randevou w lan.
Sa pou mete sou ou
Mete rad ki pa sere ki fasil pou retire. Ou pral oblije chanje rad pou mete yon rad lopital.
Kisa pou manje ak bwè
Depi pwofesyonèl swen sante w la pa entèdi w, ou kapab pran yon repa lejè.
Si ekip swen w lan ba w enstriksyon pou bwè dlo anvan randevou w lan, swiv enstrisyon yo a.
A kisa pou atann ou lè ou rive
Chak jou ou gen yon tretman, anrejistre nan resepsyon an epi chita nan sal atant lan. Si ou dwe gen vesi w plen pou tretman w lan, radyoterapet ou an ap di w ki valè dlo pou bwè e kilè pou kòmanse bwè l.
Lè radyoterapet ou yo prè pou ou, yon manm nan pèsonèl yo ap mennen w nan sal pou abiye w la. Y ap ba ou yon rad lopital pou chanje w. Kite soulye nan pye ou.
Radyoterapet ou yo ap mennen w nan sal tretman an epi y ap ede w monte tab tretman an.
Preparasyon pwosedi ak premye tretman
Lè ou vini pou premye randevou tretman w lan, y ap fè eskanè imaj pou ou anvan tretman an kòmanse. Yo rele sa pwosedi preparasyon. Randevou sa a ap yon ti jan pi long ke lòt randevou tretman ou yo.
Tretman radyasyon yo
Radyoterapet ou yo ap ede w pran pozisyon pou tretman an. Aprè sa, y ap kite sal la, fèmen pòt la, epi kòmanse fè eskanè imaj yo. W ap fè eskanè reyon X oubyen CT (Tomografi nan òdinatè), oubyen toulède pou ou.
W ap fè eskanè imaj sa yo chak jou pandan tout tretman w lan. Radyoterapet ou yo ap itilize yo pou tcheke epi ajiste pozisyon w lan. Yo pral tcheke tou si vesi w plen e si trip ou vid. Radyo-onkològ ou a ka itilize eskanè imaj sa yo tou pou ajiste plan tretman w lan.Yo pa itilize yo pou wè kòman timè ou a reponn a tretman an.
Respire nòmalman pandan tretman w lan, men pa bouje.Ou p ap ka wè ni santi radyasyon an. Ou ka tande aparèy la k ap bouje toutotou de ou epi l ap limen etenn. Si ou santi w enkonfòtab epi ou bezwen èd, di radyoterapet ou yo sa. Y ap toujou kapab wè e tande ou. Yo kapab kanpe machin lan pou yo vin wè ou nenpòt ki lè, si sa nesesè.
Ou ap nan sal tretman an pandan 15 a 45 minit, selon plan tretman w lan. Yo pral pase pifò tan sa a pou yo mete ou nan bon pozisyon an. Tretman an sèlman dire 10 a 15 minit.
Ou p ap radyoaktif pandan oubyen aprè tretman an. Ou pa gen pwoblèm pou bò kote lòt moun ak bèt domestik.
Vizit pou verifikasyon eta sante
Radyo-onkològ oubyen enfimyè radyasyon w lan ap antre an kontak avè w omwen yon fwa pandan tretman w lan. Y ap pale avè w sou nenpòt enkyetid, poze kesyon sou kèlkeswa efè segondè ou ta ka genyen, epi reponn kesyon w yo. Vizit pou tcheke eta sante sa a ka yon vizit atravè yon apèl videyo oubyen odyo oubyen yon vizit anvan oubyen aprè tretman w lan.
Si ou bezwen pale avèk radyo-onkològ oubyen enfimyè w la an deyò de vizit pou tcheke eta sante w la, rele nan biwo radyo-onkològ ou a. Ou ka mande yon lòt manm ekip swen w lan tou pou kontakte yo lè ou vini pou tretman an.
Vitamin ak sipleman alimantè pandan radyoterapi
Ou mèt pran yon miltivitamin pandan radyoterapi w la. Pinga ou pran plis pase kantite yo rekòmande w pran chak jou a (recommended daily allowance, RDA) nan nenpòt vitamin oswa mineral.
Pinga ou pran okenn lòt sipleman san ou pa pale avèk yon moun nan ekip swen w lan. Vitamin, mineral, ak sipleman ki fèt ak fèy se egzanp sipleman alimantè.
Efè segondè radyoterapi MSK Precise la
Gen kèk moun ki ka gen efè segondè akoz radyoterapi a. Ki efè segondè yo epi nan ki nivo gravite a ye varye de yon moun a yon lòt. Pwofesyonèl swen sante w la ap eksplike sa k pral pase selon antesedan medikal ou ak plan tretman espesifik ou an.
Seksyon sa a eksplike efè segondè radyoterapi MSK Precise la genyen pi souvan. Ou kapab genyen tout, kèlke, oubyen okenn ladan yo. Pifò nan efè segondè sa yo ap disparèt plizyè semèn a plizyè mwa apre ou fin fè radyoterapi w la. Si ou gen youn nan efè segondè sa yo, pwofesyonèl swen sante w la ap ba ou plis enfòmasyon epi ede w jere yo.
Chanjman nan pipi
Glann pwostat ou gendwa anfle epi pawa vesi ou gendwa vin irite. Poutèt sa, men sa ou ka genyen:
- Ou ka gen pwoblèm pou w kòmanse pipi (pipi)
- Ou ka bezwen pipi pi souvan pase jan ou abitye pipi a.
- Ou ka bezwen pipi leswa pi souvan pase jan ou abitye pipi a.
- Ou ka gen anvi sibit pou pipi.
- Ou ka santi ou gen kanal ou k ap boule w lè w ap pipi.
Di radyo-onkològ oubyen enfimyè radyasyon w lan sa si ou gen chanjman ki fèt nan jan ou pipi. Yo ka rekòmande yon chanjman nan rejim alimantè ou oubyen preskri w yon medikaman ki ka ede w. Ou kapab swiv tou konsèy ki anba yo.
- Bwè 6 a 8 gode dlo (8-ons) pandan tout jounen an.
- Evite bwè dlo apre 8è nan aswè.
-
Evite manje ak bwason ki ka irite vesi w, tankou:
- Bwason ki gen kafeyin ladan yo, tankou kafe, te ak kola.
- Alkòl.
- Manje ak bwason ki gen asid, tankou tomat, fwi ak ji sitris yo, ak bwason gazez (ki gen gaz)
- Manje ki pike, sitou si ou santi kanal ou ap boule w lè w ap pipi.
- Fè egzèsis pou pèlvis yo atè a (Kegel). Li Pelvic Floor Muscle (Kegel) Exercises for Males pou aprann kòman. Yon manm ekip swen w lan ap di w konbyen pou fè ak chak kilè pou fè yo.
Pou w jwenn plis enfòmasyon sou fason pou w jere chanjman ki fèt nan pipi yo, li Improving Your Urinary Continence.
Chanjman nan poupou
Pawa rektòm ou kapab vin irite. Men sa ki ka rive apre kèlke tretman:
- Ou ka al poupou (poupou) pi souvan pase jan ou abitye ale a.
- Poupou ou ka pi mòl pase jan li abitye ye a.
- Ou ka santi malèz nan rektòm ou.
- Gen glè k ap soti nan tou dèyè ou. Tou dèyè w ou se ouvèti rektòm ou kote poupou a pase pou l soti nan kò w.
- Ou ka senyen tou piti nan rektòm ou. Pa egzanp, ou ka wè san tou wouj nan papye twalèt oubyen nan poupou a.
- Ou ka fè plis gaz pase jan w abitye fè gaz la.
- Ou ka santi fòk ou al poupou avèk plis ijans pase jan w abitye ale a.
Si ou genyen emowoyid, radyoterapi a kapab agrave sentòm yo.
An jeneral, sentòm sa yo pa twò grav.
Si ou genyen nenpòt nan efè segondè sa yo, di enfimyè radyason w lan sa. Yo ka pale avè w sou kòman ou ka chanje rejim alimantè ou pou ka jere yo. Si w toujou santi w pa alèz, di radyo-onkològ oubyen enfimyè radyasyon w lan sa. Radyo-onkològ ou a ka preskri w medikaman pou ede w.
Efè segondè sa yo kapab dire anviwon yon (1) mwa a de (2) mwa apre w fin fè radyoterapi a. Kèk moun kontinye pran medikaman pou trete chanjman irinè ki fèt aprè yo fini radyoterapi a. Li enpòtan pou w di nou si w devlope efè segondè epi kenbe nou okouran sou eta sante ou.
Sante seksyèl ak repwodiktif
Ou kapab aktif seksyèlman pandan ou ap fè tretman radyasyon an, sof si radyo-onkològ ou an ba ou lòt enstriksyon. Ou p ap radyoaktif ni ou p ap transmèt radyasyon an bay yon lòt moun. Pa gen danje pou rete an kontak sere ak lòt moun.
Ou ka santi yon malèz oubyen ou ka santi kanal ou ap boule w lè w ap ejakile. Pou majorite moun, pwoblèm nan disparèt nan espas 1 ou 2 mwa aprè tretman radyasyon an fini.
Si w aktif seksyèlman avèk yon moun ki ka ansent, li enpòtan anpil pou itilize pwoteksyon pou l pa ansent (planin) pandan tretman an e jiska yon lane aprè tretman an. Pandan w ap fè radyoterapi a, radyasyon an gendwa andomaje espèm ou. Si w fè yon tibebe avèk espèm sa a, li gendwa gen malfòmasyon lè li fèt. Itilizasyon planin ede anpeche sa rive.
Si w vle aprann plis sou sante seksyèl pandan tretman kansè, li Sex and Your Cancer Treatment. Sosyete Ameriken Kansè a genyen resous ki pale sou pwoblèm sante seksyèl pandan tretman kansè tou. Sa ki pou gason an rele Sèks ak Granmoun Gason ki gen Kansè . Ou kapab chèche li sou www.cancer.org oubyen rele nan 800-227-2345 pou w jwenn yon kopi.
Pwogram Medsin Seksyèl ak Repwodiktif pou Gason
Pwogram Medsin Seksyèl ak Repwodiktif pou Gason MSK a ede gason jere maladi yo a ak enpak tretman an sou sante seksyèl yo. Ou kapab wè avèk yon espesyalis anvan, pandan, oubyen aprè tretman w lan. Nou kapab ba ou yon referans, oubyen ou kapab rele nan 646-888-6024 pou w pran yon randevou.
Reyaksyon ki fèt sou po ak nan cheve
Ou ka pa remake okenn chanjman ki fèt nan po w nan zòn kote ou fè tretman an. Ou ka pèdi yon pati oubyen tout plim ki devan w yo. Plim yo jeneralman repouse ankò ant 3 a 6 mwa aprè ou fini radyoterapi a. Koulè ak teksti a gendwa diferan.
Fatig
Fatig se lè w santi w epwize oubyen fèb. Lè w santi fatig, ou ka pa vle fè anyen. Ou ka gen pwoblèm pou konsantre, pa santi w nan nòmal ou, oubyen ou gen mwens enèji ke dabitid.
Ou ka kòmanse santi fatig pandan tretman an oubyen plizyè semèn aprè ou kòmanse tretman an.Li ka varye ant lejè (pa mal) pou rive nan grav (mal anpil). Li ka pi mal nan sèten lè nan jounen an. Fatig ka dire ant 6 semèn rive nan 12 mwa aprè dènye tretman w lan.
Gen anpil rezon ki ka fè ou santi fatig pandan radyoterapi w la. Yo gen ladan yo:
- Efè radyasyon yo sou kò ou.
- Vwayaje pou ale epi soti nan randevou tretman w yo.
- Pa dòmi ase lannwit pou repoze.
- Pa pran ase pwoteyin ak kalori.
- Lè ou gen doulè oubyen lòt sentòm.
- Lè ou santi ou ansksye (enkyè) oubyen deprime (pa kontan).
- Efè segondè kèlke medikaman.
Fason pou w jere fatig
- Si w ap travay epi ou santi w byen, ou mèt kontinye travay. Men, lè ou travay mwens, sa ka pèmèt ou genyen plis enèji.
- Planifye aktivite ou fè chak jou yo. Chwazi bagay ke ou bezwen oubyen ou vrèman anvi fè. Fè aktivite sa yo lè w santi ou genyen plis enèji. Pa egzanp, ou ka chwazi al travay men ou pa chwazi fè travay nan kay la. Ou ka chwazi asiste evènman espòtif pitit ou a men ou pa al manje deyò.
- Planifye tan pou w repoze oubyen fè ti syès (10 a 15 minit) pandan jounen an, sitou lè ou santi w pi fatige.
-
Eseye dòmi omwen 8 èdtan chak swa. Sa ka reprezante plis somèy pase kantite somèy ou bezwen anvan kòmansman radyoterapi a. Epitou, ou gendwa twouve li itil pou ou:
- Ale dòmi pi bonè lèswa epi leve pi ta nan maten.
- Fè aktivite fizik pandan jounen an. Pa egzanp, si w ka fè egzèsis, ou ka al mache oubyen fè yoga.
- Detann kò ou anvan w ale kouche. Pa egzanp, li yon liv, rezoud yon puzzle, tande mizik, oubyen pratike yon aktivite ou renmen ki kalme w.
- Mande fanmi ak zanmi pou ede w avèk travay nan kay la oubyen voye yo al achte oubyen regle bagay pou ou. Pale avèk konpayi asirans ou an pou w konnen si li peye pou sèvis swen adomisil yo.
- Ou gendwa genyen plis enèji lè w fè egzèsis fizik. Mande radyo-onkològ ou a si ou ka fè egzèsis lejè, tankou mache, monte bisiklèt, detire, oubyen yoga. Li Managing Cancer-Related Fatigue with Exercise pou aprann plis
- Manje manje ki gen anpil pwoteyin ak kalori. Li Eating Well During Your Cancer Treatment pou aprann plis
Gen kèk bagay ki kapab agrave fatig ou a. Pa egzanp:
- Doulè
- Kè plen (santi ke ou pral vomi)
- Dyare (poupou likid oubyen poupou dlo)
- Pwoblèm pou dòmi.
- Santi ke ou deprime oubyen enkyè
Si w genyen sa yo oubyen nenpòt lòt sentom oubyen efè segondè, mande radyo-onkològ oubyen enfimyè radyasyon w lan èd.
Sante emosyonèl
|
|
|
Epitou, ou ka santi ou pa alèz pou di patwon w lan ou genyen kansè oswa pou li peye frè medikal ou yo. Ou ka gen enkyetid sou fason relasyon familyal ou ka chanje, oswa ou ka pè pou kansè a pa rechite. Ou ka gen enkyetid sou fason tretman kansè a pral afekte kò w, oswa ou ka ap mande tèt ou si w ap kapab toujou fè aktivite seksyèl.
Se nòmal pou enkyete w pou tout bagay sa yo. Tout kalite santiman sa yo nòmal lè ou menm oswa yon moun ou renmen soufri yon maladi grav. Nou la pou nou sipòte ou.
Fason pou w jere santiman ou
Pale avèk lòt moun. Lè moun yo eseye pwoteje youn lòt nan kache sa yo santi, yo kapab santi yo poukont yo. Lè ou pale, sa kapab ede moun ki bòkote ou yo konnen sa ki nan panse ou. Sa ka vo lapèn pou w pale sou santiman ou avèk yon moun ou fè konfyans. Pa egzanp, ou kapab pale avèk mari/madanm ou oswa mennaj ou, yon zanmi pwòch, oswa fanmi ou. Epitou, ou kapab pale avèk yon omonye (konseye espirityèl), enfimyè, travayè sosyal, oswa sikològ.
Vin mann yon gwoup sipò. Lè ou fè konesans lòt moun ki gen kansè, sa ap ba w yon chans pou w pale sou santiman ou yo epi aprann nan men lòt moun. Ou kapab aprann fason lòt moun fè fas kare avèk kansè yo a epi tretman yo a epi yo kapab raple w pa poukont ou nan lit la.
Nou konnen tout dyagnostik kansè ak moun ki fè kansè yo pa menm. Nou ofri gwoup sipò pou moun ki genyen menm dyagnostik oswa idantite. Pa egzanp, ou kapab antre nan yon gwoup sipò pou moun ki fè kansè tete oswa pou moun LGBTQ+ ki fè kansè. Pou w jwenn enfòmasyon sou gwoup sipò MSK yo, ale sou www.msk.org/vp. Epitou, ou kapab pale avèk radyo-onkològ ou a, enfimyè w la, oswa travayè sosyal ou a.
Eseye detant ak meditasyon. Kalite aktivite sa yo kapab ede ou santi w rilaks ak trankil. Ou ka eseye imajine ou yon kote ou renmen. Pandan w ap fè sa, respire tou dousman. Prete atansyon ak chak respirasyon oswa koute yon mizik oswa son ki kalme lespri ou. Pou kèk moun, lapriyè se yon lòt mwayen meditasyon. Ale sou www.msk.org/meditations pou w jwenn meditasyon gide pwofesyonèl Medsin Entegre nou yo dirije.
Egzèsis fizik. Anpil moun konstate mouvman lejè, tankou mache, monte bisiklèt, yoga oswa ayewobi nan dlo ede yo santi yo pi byen. Pale avèk pwofesyonèl swen sante w la sou kalite egzèsis fizik ou kapab fè.
Nou tout genyen pwòp fason pa nou pou nou jere sitiyasyon ki difisil yo. Nou souvan itilize nenpòt sa ki te mache pou nou oparavan. Men, pafwa sa pa ase. Nou ankouraje ou pale avèk doktè ou, enfimyè ou, oswa travayè sosyal ou sou enkyetid ou yo.
Kisa ki pase aprè radyoterapi MSK Precise lan
Randevou suivi
Li enpòtan pou w vini nan tout randevou suivi ou genyen avèk radyo-onkològ ou a. Pandan randevou sa yo, li ap gade jan w ap geri apre w fin fè radyoterapi a.
Note kesyon ak enkyetid ou yo anvan w vini nan randevou suivi yo. Vini avèk fèy papye sa a ak yon lis ki gen tout medikaman ou ap pran yo. Epitou, ou kapab rele radyo-onkològ oswa enfimyè radyoterapi ou an nenpòt lè apre w fin fè radyoterapi w la oswa ant randevou suivi yo.
Vitamin ak sipleman alimantè apre radyoterapi
- Li posib pou w ap resevwa lòt tretman kont kansè anplis radyoterapi w la. Si w ap resevwa lòt tretman, mande doktè ki responsab tretman sa a ki lè ou ap kapab rekòmanse pran sipleman alimantè. Genyen kèk sipleman alimantè ou kapab pran anvan operasyon an oswa pandan chimyoterapi a.
- Si ou p ap resevwa lòt tretman kont kansè, ou kapab rekòmanse pran sipleman alimantè yo yon (1) mwa apre w fin fè dènye radyoterapi w la.
Si ou vle pale avèk yon dyetetisyen-nitrisyonis klinik sou rejim alimantè w oswa sipleman ou yo, di enfimyè radyoterapi a sa.
Chanjman nan pipi ak poupou
Gen kèk moun ki devlope efè segondè 4 mwa oubyen plis aprè tretman an. Efè segondè sa yo ka sanble ak sa ou te genyen pandan tretman an yo. Gen yon chans tou piti pou w ta devlope lòt efè segondè. Pa egzanp:
- Antre vesi w ka vin pi etwat.
- Ou ka genyen san nan pipi ou.
- Ou ka senyen nan rektòm ou.
Efè segondè sa yo ra. Yo ka vini epi ale ofiamezi. Oubyen, yo ka pèsistan epi kwonik. Ekip swen sante w lan ap ede w jere yo.
Menm si ou pa devlope okenn efè segondè ki parèt ta yo, sonje ke radyoterapi ou a afekte tisi ki nan vesi w ak nan rektòm ou yo. Rele radyo-onkològ ou a si:
- Ou gen nenpòt nouvo sentòm nan pipi, vesi, oubyen poupou.
- Ou bezwen fè yon kolonoskopi. Pa fè yon kolonoskopi pandan premye ane aprè tretman an.
- Ou bezwen fè nenpòt kalite pwosedi iwolojik oubyen rektal.
Chanjman seksyèl
Gen kèk moun ki vin gen chanjman ki fèt nan vi seksyèl yo apre yo fin fè tretman an. Pa egzanp:
- Li ka pi difisil oswa menm enposib pou yo genyen oubyen kenbe yon ereksyon. Yo rele sa pwoblèm ereksyon (ED).
- Ou ka santi ògasm ou yo diferan.
- Lè ou ejakile, kantite oubyen epesè espèm ou a ka diferan.
Chanjman sa yo ka fèt plizyè mwa oubyen menm plizyè ane apre radyoterapi a. Si w remake youn ladan yo, mete pwofesyonèl swen sante w la okouran. Yo kapab refere w a yon pwofesyonèl swen sante ki trete pwoblèm sa yo.
Sèvis sipò MSK yo
Sant Konsèy
www.msk.org/counseling
646-888-0200
Anpil moun konstate lè yo ba yo konsèy, sa ede yo. Sant ki bay konsèy nou yo bay moun, koup, fanmi, ak gwoup moun konsèy. Epitou, nou kapab preskri medikaman ki pou soulaje w si w soufri anksyete oubyen depresyon. Mande yon manm ki nan ekip swen w lan yon referans oubyen rele nan nimewo ki anwo a pou w pran yon randevou.
Sèvis Medikal Entegre
www.msk.org/integrativemedicine
646-608-8550
Sèvis Medikal Entegre nou an ofri anpil sèvis pou konplemante (ki mache ansanm ak) swen medikal tradisyonèl yo, ki gen ladan l mizikoterapi, terapi kò/lespri, terapi dans ak mouvman, yoga, ak terapi manyen. Rele nan 646-449-1010 pou w pran yon randevou pou benefisye sèvis sa yo.
Epitou, ou kapab planifye yon konsiltasyon avèk yon pwofesyonèl swen sante ki nan Sèvis Medsin Entegre a. Li ap ede w fè yon plan pou w viv an sante epi jere efè segondè yo. Rele nan 646-608-8550 pou w pran yon randevou pou konsiltasyon.
Pwogram Medsin Seksyèl ak Repwodiktif pou Gason
646-888-6024
Pwogram sa a ede pasyan gason ki ap fè fas ak pwoblèm sante seksyèl ki gen pou wè ak kansè, tankou pwoblèm bann.
Sèvis Nitrisyon
www.msk.org/nutrition
212-639-7312
Sèvis Nitrisyon nou an bay konsèy nan zafè nitrisyon avèk youn nan dyetetisyen-nitrisyonis klinik nou yo. Dyetetisyen-nitrisyonis klinik ou an ap pale avèk ou sou abitid manje ou genyen yo. Epitou, li kapab ba ou konsèy sou sa pou w manje pandan ak apre tretman an. Mande yon manm ki nan ekip swen w lan yon referans oubyen rele nan nimewo ki anwo a pou w pran yon randevou.
Sèvis Reyabilitasyon
www.msk.org/rehabilitation
Kansè ak tretman kansè kapab fèw santi kò ou fèb oubyen rèd. Genyen kèk ki ka koze lenfedèm (anflamasyon). Fizyat nou yo (doktè an reyabilitasyon), ègoterapet nou yo (OT yo), ak fizyoterapet (PT yo) nou yo kapab ede w reprann aktivite ou abitye fè yo.
- Fizyat yo ap dyagnostike epi trete pwoblèm ki afekte fason ou deplase ak fè aktivite yo. Yo kapab kreye epi ede kowòdone pwogram terapi reyabilitasyon ou an, swa nan MSK swa yon kote ki pi pre lakay ou. Pou w jwenn plis enfòmasyon, rele sèvis Medsin Reyabilitasyon (Fizyatri) nan 646-888-1929.
- Gen yon ègoterapet ki kapab ede ou si w gen difikilte pou w fè aktivite chak jou ou abitye fè yo. Pa egzanp, li kapab rekòmande w zouti ki pou rann aktivite chak jou yo vin pi fasil. Yon fizyoterapet kapab montre w egzèsis pou w fè ki pou pèmèt ou vin gen fòs ak souplès. Pou w jwenn plis enfòmasyon, rele sèvis Terapi Reyabilitasyon an nan 646-888-1900.
Kesyon pou w poze radyo-onkològ ou
Anvan randevou w la, li ap itil pou w note kesyon ou vle poze yo. Men egzanp kesyon yo anba a. Note repons yo ba w yo pandan randevou w la yon fason pou w kapab gade yo ankò pita.
Ki kalite radyoterapi mwen pral resevwa?
Ki valè tretman avèk reyon mwen pral resevwa?
Ki efè segondè mwen ta dwe atann pandan radyoterapi mwen an?
Èske efè segondè yo ap disparèt apre mwen fin fè radyoterapi mwen an?
Ki kalite efè segondè an reta mwen ta dwe atann apre radyoterapi mwen an?
Enstriksyon pou swiv anvan randevou ou yo
Apati 3 jou anvan randevou similasyon ou an
Enstriksyon yo | Objektif | |
---|---|---|
Sipleman fib ki kapab fonn ki abaz metilseliloz (tankou poud Citrucel) |
| Pou pèmèt ou al poupou nòmal epi diminye gaz ak gonfleman pandan radyoterapi w la. |
Vitamin ak lòt sipleman alimantè |
| Pou pèmèt radyoterapi w la aji pi byen. |
Anvan randevou similasyon ak randevou tretman ou yo
Enstriksyon yo | Objektif | |
---|---|---|
Konprime simetikòn 125 miligram (tankou Gas-X® Extra Strength) |
| Pou asire w rektòm ou vid. |
Sipleman fib ki kapab fonn ki abaz metilseliloz (tankou poud Citrucel) |
| |
Lavman sale |
| |
Manje |
| |
Dlo |
| Pou asire ke vesi w byen plen. |
Medikaman yo |
| Pou asire w pa gen malèz. |