Kijan pou Itilize Gout Je Fluorouracil (5-FU) yo

Lè pou Li: Sou1 minute

Enfòmasyon sa a eksplike kijan pou itilize gout pou je fluorouracil (Flò-woyou-ra-sil) yo. Gout pou je ki gen fluorouracil yo souvan rele gout pou je 5-FU.

Enfòmasyon sou gout pou je 5-FU yo

Gout pou je 5-FU se yon medikaman chimyoterapi (chimyo) ke yo itilize pou trete neyoplazi (Ne-yo-pla-zi). Neyoplazi se selil anòmal (ki pa nòmal) ki nan je a. Yo ka itilize gout pou je 5-FU a pou geri tisi ki sikatrize a kote je a.

Pwofesyonèl swen sante w la ap preskri w gout pou je 5-FU a ansanm ak pomad eritwomisin (E-ri-two-mi-sin]. Pomad la pwoteje po w kont gout 5-FU yo, epi li san danje pou je w.

Gen kèk moun ki fè alèji a pomad eritwomisin lan. Olye de sa, pwofesyonèl swen sante w la ap preskri w pomad TobraDex® (yon melanj tobramisin ak deksametazòn)

Ou ka al pran yo nan:

Rockefeller Pavilion nan 53yèm Ri
160 E. 53yèm Ri, 3yèm Etaj Famasi
New York, NY 10022
Soti Lendi rive Vandredi, soti 9è nan maten pou rive 5:45 nan aprè midi
646-888-0731

Etap pou itilize gout pou je 5-FU yo

  1. Lave men w. Asire w ke yo sèch anvan w itilize pomad la.
  2. Mete yon koch pomad tou fen sou po anba je kote w ap trete a (Gade Imaj 1). Pa mete l nan je w.
  3. Lage yon gout 5-FU a nan je ki afekte a.
  4. Siye tout gout ki tonbe anplis avèk yon mouchwa ki pwòp. Aprè sa jete mouchwa a.
  5. Lave men w ankò.
Imaj 1. Kote pou mete pomad

Itilize gout pou je 5-FU a ak eritwomisin lan oubyen Tobradex 4 fwa pa jou. Eseye mete yo nan yon espas egal. Pa egzanp, ou ka itilize yo pandan dejene, manje midi, dine ak anvan w al dòmi.

Nan fen chak jounen, jete boutèy gout pou je 5-FU ou te itilize a. Itilize yon nouvo boutèy chak jou pandan 7 jou.

Efè segondè gout pou je 5-FU yo

Ou ka santi je w irite (pa egzanp, wouj, grate w, oubyen brile w) oubyen sèch aprè ou fin itilize gout pou je 5-FU yo. Si se ka sa, sèvi ak gout pou je librifyan (re-imidifye) ki vann san preskripsyon yo, tankou Refresh®, Genteal® oubyen Systane®. Ou pa bezwen preskripsyon pou achte yo.

Itilize gout pou je librifyan 10 minit aprè ou mete gout 5-FU a nan je w. Gout 5-FU yo ap mwens efikas si ou mete gout librifyan yo twò bonè.

Lè pou rele pwofesyonèl swen sante ou

Rele pwofesyonèl swen sante ou a si w:

  • Gen yon gratèl bò je w.
  • Gen yon gwo doulè (fè mal anpil) oubyen brili nan je w yo.
  • Gen vizyon twoub.

Ale nan sal ijans ki pi prè w la si w:

  • Gen pwoblèm pou respire.
  • Gen bò je w yo ki anfle anpil.
  • Gen gwo chanjman nan vizyon w.
  • Santi ke kè w ap bat rapid anpil. Sa rive yon lè konsa.
Dènye Mizajou
Janvye 9, 2026

Learn about our Health Information Policy.

Di nou sa ou panse

Di nou sa ou panse

Opinyon ou ap ede nou amelyore enfòmasyon edikatif nou bay yo. Ekip swen ou a pa ka wè anyen ou ekri nan fòm opinyon sa a. Tanpri pa itilize li pou poze kesyon sou swen ou. Si ou gen kesyon sou swen ou, kontakte founisè swen sante ou.

Menm si nou li tout opinyon yo, nou pa kapab reponn okenn kesyon. Tanpri pa ekri non ou oswa okenn enfòmasyon pèsonèl sou fòm opinyon sa a.

Èske enfòmasyon sa a te fasil pou konprann?
Tanpri pa ekri non ou ni enfòmasyon pèsonèl ou yo.