Konsènan Radyoterapi MSK Precise™ Ou A pou Kansè Pwostat

Pataje
Lè pou Li: Apeprè 21 minit

Enfòmasyon sa yo pral ede w prepare pou fè radyoterapi MSK Precise la nan pwostat ou. Yo pral pèmèt ou konnen sa k pral pase ak fason pou w pran swen tèt ou anvan, pandan, ak apre radyoterapi w la.

Li dokiman sa a omwen yon fwa anvan w kòmanse fè radyoterapi MSK Precise la. Apresa, itilize li kòm yon referans anvan ou fè tretman ou yo pou ede w prepare ou. Vini avèk dokiman sa a nan tout randevou ou genyen avèk ekip radyoterapi w la. Ou menm ak ekip radyoterapi w la pral voye je ladan l pandan tout tan ou pral resevwa swen an.

Konsènan Radyoterapi A

Radyoterapi a itilize reyon ki gen gwo enèji pou li trete kansè. Aksyon li fè a se andomaje selil kansè yo pandan li ap anpeche yo miltipliye. Apresa, kò ou kapab natirèlman elimine selil ki gen kansè ki andomaje yo. Epitou, radyoterapi a afekte sèlil nòmal yo, men selil nòmal ou genyen yo kapab repare tèt yo nan yon mannyè selil ki gen kansè yo pa kapab.

Radyoterapi a pran tan pou li aji. Ou bezwen plizyè jou oswa semèn anvan selil ki gen kansè yo kòmanse mouri, epi yo ap kontinye mouri pandan plizyè semèn oswa plizyè mwa apre radyoterapi a fin fèt.

Anvan ou fè premye radyoterapi w la, ou pral fè yon pwosedi planifikasyon tretman ki rele similasyon. Pandan similasyon w lan, radyoterapet yo ap fè eskanè imajri epi yo ap make po ou avèk ti pwen tatou. Yo ap fè yon moul nan pati anba kò ou. Men pou ki rezon yo ap fè bagay sa yo:

  • Pou yo planifye kote ou ap fè tretman an.
  • Pou asire w pran dòz (kantite) reyon ki apwopriye a.
  • Limite kantite reyon ki ale nan tisi ki toupre yo.

Konsènan MSK Precise

MSK Precise pa menm ak radyoterapi tradisyonèl la. Li itilize yon fòm radyoterapi presi epi ki gen dòz fò ki rele radyoterapi kòporèl estereyotaksik (stereotactic body radiotherapy, SBRT) pou li sible timè yo avèk dòz reyon ki fò.

Li nòmal pou pwostat ou ak lòt ògàn ou yo fè yon ti deplase lè w ap respire ak chanje pozisyon. Sa kapab rive pandan ou ap resevwa tretman ou yo. Anvan w kòmanse fè radyoterapi MSK Precise la, doktè yo ka mete yon seri ti makè an metal nan pwostat ou. Ou kapab wè makè sa yo nan eskanè imajri yo. Makè sa yo ap pèmèt radyo-onkològ ou a konnen egzakteman kote pwostat ou ye pandan tretman w lan. Sa ap pèmèt li mete dòz reyon ki fò yo dirèkteman sou pwostat ou. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou makè yo nan ribrik ki gen pou tit “Ti Makè ak Espasè Rektal” la.

Ou ap resevwa radyoterapi MSK Precise ou a pandan 5 tretman. Kantite sa a mwens pa rapò ak lòt kalite radyoterapi yo paske dòz tretman yo pi fò. Yo kapab itilize MSK Precise poukont li oswa ansanm avèk lòt tretman kont kansè pwostat, tankou kiriterapi oswa òmonoterapi.

Wòl ou jwe nan ekip radyoterapi ou

Ekip radyoterapi w la pral kole zepòl pou yo pran swen ou. Ou fè pati ekip sa a, epi wòl pa ou se:

  • Ale nan randevou ou yo alè.
  • Poze kesyon ak pale sou enkyetid ou yo.
  • Mete yon moun ki nan ekip swen w lan okouran lè w genyen sentòm ki gen rapò ak tretman w lan.
  • Fè yon moun ki nan ekip swen w lan konnen si ou gen doulè.
  • Pran swen tèt ou lakay ou lè w:
    • Kite fimen si w fimen. MSK genyen espesyalis ki kapab ede w kite fimen. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou Pwogram Tretman pou Moun ki Fimen Tabak nou an, rele nan 212-610-0507.
    • Pran swen po ou jan ekip swen w lan di w la
    • Bwè likid jan ekip swen w lan di w la.
    • Manje manje ekip swen w lan di w manje yo.
    • Konsève apeprè menm pwa a.

Anvan Radyoterapi MSK Precise Ou A

Ti Makè ak Espasè Rektal

Anvan ou kòmanse MSK Precise la, gen kèk ti bagay ki pou fèt tankou mete ti makè oswa yon espasè rektal an plas.

  • Ti makè yo se yon seri ti objè an metal ki gwosè yon grenn diri. Yo pèmèt pwofesyonèl swen sante ou yo aliyen reyon yo epi asire yo ou resevwa radyoterapi yo egzakteman menm jan an chak fwa. Sa pèmèt yo sible timè a san yo pa andomaje tisi ki anfòm ki toupre a. Ti makè yo ap rete nan pwostat ou apre tretman an.
  • Yon espasè rektal se yon jèl ki rele idwojèl SpaceOAR® doktè yo itilize pou yo kreye yon espas ant pwostat ou ak rektòm ou, ki se pwent anba kolon ou. Sa ap pèmèt yo pa andomaje rektòm nan pandan kèk tretman medikal. Li pwoteje rektòm ou kont reyon yo epi li redui kèk efè segondè radyoterapi a. Espasè rektal la ap rete an plas pandan anviwon 3 mwa. Apresa, kò ou ap absòbe li epi li ap soti nan pipi ou.

Si yo ap mete ti makè oswa yon espasè rektal pou ou, pwofesyonèl swen sante w la ap di ou sa ki pral pase epi li ap ba w resous la About Your Fiducial Marker and Rectal Spacer Placement.

Konsèvasyon Espèmatozoyid

Reyon ki pase nan pwostat ou yo kapab afekte pwodiksyon espèm ou epi fè ou gen difikilte pou fè pitit byolojik alavni. Si ou panse w ap bezwen fè pitit byolojik apre radyoterapi a, nou konseye ou konsève espèm ou anvan w kòmanse tretman an. Pou w jwenn plis enfòmsyon, li atik Sperm Banking ak atik Building Your Family After Cancer Treatment: For People Born With Testicles.

Preparasyon Trip

Ou ap oblije elimine rès poupou ki nan kò ou pou fè similasyon an ak seyans radyoterapi yo. Yo rele sa preparasyon trip. Preparasyon trip la enpòtan paske li redui risk pou gen efè segondè lè w ap fè radyoterapi a. Li fè sa nan limite kantite reyon ki rive nan tisi anfòm ki toupre yo epi nan kenbe pwostat ou nan menm pozisyon an pandan seyans tretman yo.

Materyèl yo

Men materyèl ou ap bezwen yo:

  • Sipleman fib ki kapab fonn ki abaz metilseliloz (tankou poud Citrucel®)
  • Grenn simetikòn 125 miligram (mg) (tankou Gas-X® Extra Strength).
  • 6 lavman sale (tankou lavman sale Fleet®).

Ou kapab achte yo nan famasi ki nan zòn ou an san preskripsyon.

Enstriksyon yo

Yon moun nan ekip radyoterapi w la ap di w egzakteman lè pou w kòmanse prepare trip ou. Ou ap kòmanse omwen 3 jou anvan randevou similasyon w lan rive.

  • Pran yon (1) gwo kiyè poud metilseliloz chak jou. Suiv enstriksyon ki sou pake a pou w ka fonn li nan likid.
  • Pran 2 (125 miligram) grenn simetikòn lavèy randevou similasyon an ak randevou tretman an.
  • Pran 2 (125 miligram) grenn simetikòn anviwon 2 èdtan anvan randevou similasyon an ak randevou tretman an.

Konsèy sou sa pou manje pou redui balonnman

Pandan radyoterapi w la, gaz oswa likid kapab akimile nan trip ou epi lakoz ou balonnen. Lè ou balonnen, trip ou kapab detire rive nan zòn tretman an epi antre an kontak ak reyon yo. Sa kapab lakoz efè segondè oswa agrave efè segondè ou yo.

Suiv konsèy anba yo pou w ka diminye risk pou w balonnen pandan radyoterapi a. Pitou ou kòmanse 2 a 3 jou anvan similasyon an epi ou kontinye jiskaske ou fin fè radyoterapi a.

  • Moulen manje a byen moulen.
  • Limite oswa evite manje ki bay gaz lè yo dijere, tankou:
    • Aspèj
    • Byè
    • Bwokoli
    • Chou briksèl
    • Chou
    • Chouflè
    • Mayi
    • Pwa sèch, ti pwa, ak lòt legiminez
    • Lay
    • Powo
    • Lèt ak lòt pwodui lèt ki gen laktoz (si w pa tolere laktoz)
    • Zonyon
    • Prin
  • Evite tout bwason gazez.
  • Limite oswa evite glikòl yo, tankou zilitòl, sòbitòl, ak manitòl. Manje ki pa genyen sik yo souvan genyen glikòl ladan yo. Si w nan dout, verifye lis engredyan an ki sou etikèt ki bay Enfòmasyon Nitrisyonèl la.
  • Manje legim ki kuit nan plas legim ki kri.
  • Selon sentòm ou genyen yo, pwofesyonèl swen sante w la gendwa di ou pou w manje plis fib oswa mwens fib. Fè sa li di w fè yo.

Lè w balonnen, yon jounal manje kapab ede ou dekouvri ki manje ki fè sa. Note manje ou manje ak bwason ou bwè yo, lè ou konsome yo a, ak lè ou kòmanse santi w balonnen an. Vini avèk jounal manje w la nan randevou yo. Pwofesyonèl swen sante w la ap itilize l pou li ede w jere balonnman an.

Yon dyetetisyen-nitrisyonis klinik kapab pale avèk ou sou sa ou ap manje pou li ka ede w prepare yon rejim alimantè ki bon pou ou. Si w ta renmen chita pale avèk yon dyetetisyen-nitrisyonis klinik, mande radyo-onkològ ou a oswa enfimyè w la refere w youn.

Vitamin ak sipleman alimantè pandan radyoterapi

Ou mèt pran yon miltivitamin pandan radyoterapi w la. Pinga ou pran plis pase kantite yo rekòmande w pran chak jou a (recommended daily allowance, RDA) nan nenpòt vitamin oswa mineral.

Pinga ou pran okenn lòt sipleman san ou pa pale avèk yon moun nan ekip swen w lan. Vitamin, mineral, ak sipleman ki fèt ak fèy se egzanp sipleman alimantè.

Retire aparèy yo sou po ou

Yo gendwa mete kèk aparèy sou po ou. Anvan similasyon oswa tretman w lan, fabrikan aparèy yo konseye w retire sou po ou:

  • Glikomèt pèmanan (continuous glucose monitor, CGM)
  • Ponp ensilin

Si w itilize youn nan sa yo, mande radyo-onkològ ou a si ou dwe retire li. Si w itilize youn, asire ou pote yon aparèy anplis pou w mete sou ou apre similasyon oswa tretman ou an.

Ou ka pa konnen fason pou w jere glikoz ou pandan aparèy ou a fèmen. Si se sa, anvan randevou w la, pale avèk pwofesyonèl swen sante k ap jere dyabèt ou a.

Randevou Similasyon an

Lavèy randevou similasyon ou an:

  • Pran 2 (125 miligram) grenn simetikòn.

Nan maten anvan randevou similasyon an:

  • Pran yon (1) gwo kiyè poud metilseliloz kòm dabitid. Suiv enstriksyon ki sou pake a pou w ka fonn li nan likid.
  • Pran 2 (125 miligram) grenn simetikòn anviwon 2 èdtan anvan randevou similasyon an.
  • Bay tèt ou yon lavman sale 2 a 3 èdtan anvan ou ale nan randevou w lan.
  • Pran medikaman ou pran chak jou yo kòm dabitid.

Pandan similasyon w lan, ou ap rete nan yon sèl pozisyon pandan lontan. Si w panse l ap difisil pou ou, pran asetaminofèn (Tylenol®) oswa medikaman doulè ou abitye pran an 1 èdtan anvan randevou w lan.

Depi pwofesyonèl swen sante w la pa entèdi w, ou kapab pran yon repa lejè.

Ou pral oblije chanje rad pou mete yon chemiz lopital pou fè similasyon w lan. Mete rad ki pa sere ki fasil pou retire. Pinga ou mete bijou, poud, oswa losyon.

Lè Ou Rive

Lè ou rive nan randevou w lan, yon moun nan ekip radyoterapi w la ap anrejistre lè ou antre. Li ap mande ou pou w di ak eple non konplè ou ak dat ou fèt la plizyè fwa nan moman randevou w la. Se pou sekirite ou. Li posib pou moun ki gen menm non ak ou oswa non ki sanble ak non ou ap resevwa swen menm jou ak ou.

Radyoterapet ou yo ap salye ou epi yo ap fè foto figi ou. Yo ap itilize foto sa a pou yo idantifye ou pandan tout tretman ou an. Epitou, yo ap rewè sa ki pral pase pandan similasyon w lan. Si ou poko siyen yon fòm konsantman, radyo-onkològ ou an ap reli l avèk ou epi li ap mande ou pou w siyen.

Epitou, radyoterapet ou yo gendwa mande w bwè 8 a 12 ons dlo anvan similasyon an kòmanse. Se yon fason pou blad pipi w ka plen. Lè w gen yon blad pipi ki byen plen epi yon trip ki vid pandan tretman yo, sa ap limite kantite reyon ki ale nan tisi ki anfòm nan. Sa pèmèt yo redui risk pou gen efè segondè.

Lè moman pou fè similasyon an rive, ou pral chanje rad pou mete yon chemiz lopital. Kite soulye nan pye ou.

Pandan Similasyon Ou An

Lè ou pare, radyoterapet ou yo ap ede w kouche sou do sou tab similasyon an. Tab la ap gen yon dra sou li, men li di epi li pa gen kousen. Si ou pa te pran medikaman doulè men ou panse ou ka bezwen pran li, di radyoterapet ou yo sa anvan similasyon w lan kòmanse. Epitou, sal la jeneralman fre. Si nenpòt moman ou santi w pa alèz, di radyoterapet ou yo sa. Yo ap fè tout sa yo kapab pou yo asire yo ou alèz epi ou gen entimite.

Pandan tout similasyon w lan, ou ap santi tab la bouje nan plizyè pozisyon diferan. Limyè yo ki nan sal la pral limen tenyen epi ou ap wè limyè lazè wouj oswa vèt sou chak miray. Terapet ou yo itilize limyè lazè sa yo kòm yon gid lè yo ap mete w an pozisyon sou tab la. Pinga ou gade dirèkteman nan lazè a. Si w gade lazè a, li ka andomaje je ou.

Lè similasyon an kòmanse, pinga ou bouje kò w. Li enpòtan pou w rete nan menm pozisyon an. Si w pa alèz oswa ou bezwen moun ede w, di radyoterapet ou yo sa.

Similasyon ou an ap dire apeprè 4 èdtan, men li kapab dire mwens tan oswa plis tan selon plan tretman espesifik pa w la. Radyoterapet ou yo pral fè antre soti nan sal la pandan similasyon ou an, men ap toujou genyen yon moun ki kapab wè ou ak tande vwa ou. Ou pral tande radyoterapet ou yo k ap koze youn ak lòt pandan yo ap travay. Epitou, yo ap eksplike ou sa yo ap fè a. Terapet ou yo kapab jwe mizik pou ou ki pou ede w fè tan an pase.

Fason pou Mete Ou an Pozisyon (Moul)

Radyoterapet ou yo ap ede w pran bon pozisyon an sou tab similasyon an. Depi w nan bon pozisyon an, yo ap fè yon moul ak pati anba kò ou.

Pou radyoterapet yo fè moul la, yo ap kouvri ranch ou ak kuis ou avèk yon fèy plastik an filè ki cho, ki soup epi kapab pliye. Yo ap ba li fòm pou li ka adapte ak kò ou. Plastik la ap fòme yon moul ki di lè li refwadi. Pwosedi sa a ap pran anviwon 15 minit.

Radyoterapet ou yo ap mete moul la sou ou epi yo ap mare li nan tab la pou fè similasyon w lan ak tout tretman ou yo. Sa ap pèmèt yo asire yo ou nan menm pozisyon egzak la chak fwa.

Eskanè Imajri

Pandan ou kouche nan pozisyon ou an, yo ap fè yon eskanè nan zòn yo ap fè tretman an (gade Imaj 1 an). Eskanè a ap pran anviwon 45 minit. Pandan ou ap fè eskanè a, ou pral tande machin lan ki ap louvri epi etenn. Menm si bri a sanble fò, radyoterapet ou yo ap an mezi pou yo tande ou si w pale avèk yo.

Epitou, yo ap fè plizyè eskanè imajri ak rezonans mayetik (IRM) pou pwostat ou pandan similasyon w lan. Si w bezwen fè lòt imajri, enfimyè radyoterapi w la ap eksplike ou sa ki pral pase.

Yo sèvi ak eskanè sa yo sèlman pou yo planifye tretman ou an.  Yo pa itilize yo pou fè dyagnostik ni pou detekte timè.

Imaj 1. Machin pou fè eskanè

Imaj 1. Machin pou fè eskanè

Mak sou Po (Tatou)

Radyoterapet ou yo ap itilize yon fet pou yo make zòn kote tretman an ap fèt la. Apresa, yo ap fè anviwon 4 a 6 tatou avèk yon zegui esteril epi yon gout lank. Ou ap santi chak tatou se tankou yon piki. Tatou yo p ap pi gwo pase yon tèt zepeng.

Apre radyoterapet ou yo fin fè tatou yo, yo ap fè plizyè foto pou ou nan pozisyon similasyon w lan. Yo ap itilize foto yo ak tatou yo pou yo mete w nan yon bon pozisyon sou tab la chak jou pandan tretman ou an.

Ou kapab retire mak ki fèt ak fet yo apre similasyon ou an.  Tatou yo ap rete nèt. Dlo p ap kapab retire yo. Si ou gen enkyetid sou fason pou w fè tatou nan kad tretman ou ap fè ak reyon an, pale avèk radyo-onkològ ou.

Fason pou Planifye Tretman ak Reyon yo

Ou ap pran randevou pou fè tretman ak reyon yo anvan ou soti nan randevou similasyon w lan. Nou fè radyoterapi MSK Precise chak jou oswa chak de (2) jou soti lendi rive jiska vandredi. Tretman w lan kapab kòmanse nenpòt jou nan semèn nan. Ou ap fè 5 tretman antou.

Fòk ou vini nan tout randevou tretman yo. Radyoterapi w la gendwa pa fonksyone twò byen si w sote oswa rete tretman yo. Si w pa kapab vini nan yon tretman pou yon rezon, rele klinik radyo-onkològ ou a pou w mete ekip radyoterapi w la okouran. Si ou bezwen chanje orè w la pou nenpòt rezon, pale avèk radyoterapet ou yo.

Planifikasyon Tretman an

Ant similasyon an ak premye tretman an, radyo-onkològ ou a ap travay avèk yon ekip pou li planifye tretman ou a. Yo ap itilize eskanè similasyon ou yo pou yo byen planifye ak verifye ang ak fòm reyon yo. Sa kapab pran jiska 2 semèn.

Pandan Radyoterapi Ou An

Randevou pou Tretman ak Reyon

Men sa pou fè lavèy randevou tretman ou yo:

  • Pran 2 (125 miligram) grenn simetikòn.

Men sa pou fè nan maten anvan randevou tretman ou yo:

  • Pran yon (1) gwo kiyè poud metilseliloz kòm dabitid. Suiv enstriksyon ki sou pake a pou w ka fonn li nan likid.
  • Pran 2 (125 miligram) grenn simetikòn anviwon 2 èdtan anvan randevou similasyon an.
  • Bay tèt ou yon lavman sale 2 a 3 èdtan anvan ou ale nan randevou w lan.
  • Pran medikaman ou pran chak jou yo kòm dabitid.

Si medikaman doulè te ede ou pandan similasyon an, ou ka oblije pran li tou anvan randevou tretman ou yo.

Lè ou rive nan randevou tretman w yo, yon moun nan ekip radyoterapi w la ap anrejistre lè ou antre. Radyoterapet ou yo ka mande w pou bwè 8 a 12 ons dlo anviwon 45 minit anvan tretman w lan. Sa pèmèt yo asire yo blad pipi w byen plen pandan tretman w lan.

Epitou, ou pral oblije chanje rad pou mete yon chemiz lopital. Kite soulye nan pye ou.

Pandan Tretman ak Reyon Yo

Lè moman pou w fè tretman w lan rive, radyoterapet ou yo ap mennen ou nan sal tretman an epi yo ap ede ou monte sou tab la (gade Imaj 2 a). Yo pral mete w nan pozisyon egzakteman fason ou te kouche pandan similasyon w lan. Nan jou w ap fè premye tretman an, yo ap fè kèk lòt eskanè imajri pou yo asire ou nan bon pozisyon an. Yo rele sa pwosedi preparasyon.

Epitou, yo ap pran kèk imaj espesyal (radyografi oswa eskanè) ki rele fim reyon pandan chak randevou tretman ou yo. Yo pran imaj sa yo pou yo asire yo pozisyon ou pran an ak zòn kote yo ap fè tretman an kòrèk. Yo pa itilize yo pou wè fason timè ou an ap reyaji fas ak tretman an. Fim reyon yo pèmèt radyoterapet ou yo asire yo reyon yo byen aliyen avèk pwostat ou.

Radyoterapet ou yo ap fè tout sa yo kapab pou yo asire yo ou alèz pandan tretman an. Kou tout bagay pare, yo ap soti nan sal la pou yo kòmanse tretman w lan.

Respire nòmalman pandan tretman w lan, men pa souke kò ou. Ou pa pral wè ni santi reyon yo, men ou ka tande machin lan pandan li bouje sou kote ou epi pandan yo louvri epi fèmen li. Radyoterapet ou yo ap an mezi pou yo wè ou sou yon ekran epi yo ap tande vwa ou nan yon entèkòm pandan tout tretman w lan. Di yo si ou alèz oswa si ou bezwen moun ede w.

Ou ap nan sal tretman an pandan 15 a 45 minit, selon plan tretman w lan. Yo pral pase pifò tan sa a pou yo mete ou nan bon pozisyon an. Tretman an pran sèlman kèk minit.

Ni ou menm ni rad ki sou ou yo p ap radyo-aktif pandan oswa apre tretman an. Ou kapab genyen lòt moun bòkote ou.

Imaj 2. Pandan tretman ou an

Imaj 2. Pandan tretman ou an

Vizit pou Verifikasyon Eta Sante

Radyo-onkològ ou ak enfimyè radyoterapi ou an ap wè ou omwen yon fwa pandan tretman an pou yo verifye jan l ap pase, poze w kesyon sou efè segondè ou genyen yo, epi reponn kesyon ou yo. Yo rele sa vizit pou verifikasyon eta sante. Yo ka planifye vizit sa a anvan oswa apre tretman w lan. Prevwa pou pase anviwon inèdtan anplis nan randevou w la nan jou sa a.

Si ou bezwen pale avèk radyo-onkològ ou an oswa enfimyè radyoterapi ou an nenpòt lè ant randevou tretman ou yo, mande pèsonèl sipò a oswa radyoterapet ou yo pou yo kontakte yo lè w vini pou fè tretman an.

Efè Segondè Radyoterapi MSK Precise Ou A

Gen kèk moun ki ka gen efè segondè akoz radyoterapi a. Efè segondè yo ak jan yo grav la varye soti nan yon moun ale nan yon lòt. Pwofesyonèl swen sante w la ap eksplike sa k pral pase selon antesedan medikal ou ak plan tretman espesifik ou an.

Seksyon sa a eksplike efè segondè radyoterapi MSK Precise la genyen pi souvan. Ou gendwa genyen tout, detwa, oswa okenn nan efè segondè sa yo. Pifò nan efè segondè sa yo ap disparèt plizyè semèn a plizyè mwa apre ou fin fè radyoterapi w la. Si ou gen youn nan efè segondè sa yo, pwofesyonèl swen sante w la ap ba ou plis enfòmasyon epi ede w jere yo.

Chanjman nan Pipi

Glann pwostat ou gendwa anfle epi pawa blad pipi ou gendwa vin irite. Poutèt sa, men sa ou ka genyen:

  • Ou ka gen pwoblèm pou w kòmanse pipi.
  • Ou ka bezwen pipi pi souvan pase jan ou abitye pipi a.
  • Ou ka bezwen pipi leswa pi souvan pase jan ou abitye pipi a.
  • Ou ka gen anvi pipi bridsoukou.
  • Ou ka santi ou gen kanal brile lè w pipi.

Di radyo-onkològ ou a oswa enfimyè w la sa si ou gen chanjman ki fèt nan jan ou pipi. Yo kapab konseye w fè yon chanjman nan rejim alimantè ou oswa preskri w medikaman ki kapab ede ou. Epitou, ou kapab suiv konsèy ki anba yo.

  • Bwè 6 a 8 gode dlo pandan tout jounen an.
  • Evite bwè dlo apre 8è nan apremidi.
  • Evite manje ak bwason ki ka irite blad pipi w, tankou:
    • Kafeyin (tankou kafe, te, ak soda).
    • Alkòl.
    • Manje ki pike (sitou si w santi kanal ou brile w lè ou pipi).
    • Ji fwi ki gen asid ak pwodui ki fèt ak fwi (tankou tomat ak ji tomat).
  • Fè egzèsis Kegel yo.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou fason pou w jere chanjman ki fèt nan pipi, li atik Improving Your Urinary Continence.

Chanjman nan Poupou

Pawa rektòm ou kapab vin irite. Men sa ki ka rive apre detwa tretman:

  • Ou ka ale alasèl pi souvan pase jan ou abitye ale a.
  • Poupou ou ka pi mòl pase jan li abitye ye a.
  • Ou ka santi malèz nan rektòm ou.
  • Ou ka gen glè k ap soti nan twou dèyè ou (kote poupou soti a).
  • Ou ka genyen yon ti senyman k ap soti nan rektòm ou (pa egzanp, ou ka wè san wouj vif nan papye twalèt ou siye dèyè w la oswa nan poupou ou).
  • Ou ka fè plis gaz pase jan w abitye fè gaz la.
  • Ou ka santi fòk ou ale alasèl pi vit pase jan w abitye ale a.

Si ou genyen emowoyid, radyoterapi a kapab agrave sentòm yo.

An jeneral, sentòm sa yo pa twò grav.

Lè w kòmanse fè radyoterapi a, ou kapab kontinye manje sa w abitye manje yo. Si w vin genyen youn nan efè segondè sa yo, pale avèk enfimyè radyoterapi w la pou konnen jan pou chanje rejim alimantè ou pou w ka jere yo. Si w toujou santi w pa alèz, di radyo-onkològ ou a oswa enfimyè radyoterapi w la sa. Yo kapab preskri w medikaman pou soulaje w.

Efè segondè sa yo kapab dire anviwon yon (1) mwa a de (2) mwa apre w fin fè radyoterapi a. Gen kèk moun ki kontinye pran medikaman pou yo trete chanjman ki fèt nan jan yo pipi apre yo fin fè radyoterapi a. Li enpòtan pou w di nou si w devlope efè segondè epi kenbe nou okouran sou eta sante ou.

Sante Seksyèl ak Repwodiktif

Ou kapab fè aktivite seksyèl pandan ou ap fè radyoterapi w la, sof si radyo-onkològ ou a pase ou lòt enstriksyon. Ou p ap radyo-aktif ni transmèt reyon yo bay lòt moun. Ou ka gen malèz oswa ou ka santi kanal ou brile ou lè w ap voye. Pou pifò moun, pwoblèm nan ap disparèt nan espas yon (1) mwa a de (2) mwa apre tretman an fini.

Si ou nan fè bagay avèk yon moun ki kapab ansent, li enpòtan pou li fè planin pandan ou ap fè radyoterapi a epi pandan yon (1) lane apre radyoterapi w la. Pandan w ap fè radyoterapi a, reyon yo gendwa andomaje espèm ou. Si w fè yon tibebe avèk espèm sa a, li gendwa gen malfòmasyon lè li fèt. Planin ap anpeche sa rive.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou sante seksyèl ou pandan tretman kansè, li atik Sex and Your Cancer Treatment. Epitou, American Cancer Society genyen resous ki pale sou pwoblèm sante seksyèl pandan tretman kansè. Sa ki pou gason an rele Sex and the Man with Cancer (Sèks kay Granmoun Gason ki gen Kansè a). Ou kapab chèche li sou www.cancer.org oswa rele nan 800-227-2345 pou w jwenn yon kopi.

Pwogram Medsin Seksyèl ak Repwodiktif pou Gason

Pwogram Medsin Seksyèl ak Repwodiktif MSK pou Gason an ede gason yo jere enpak maladi ak tretman yo a genyen sou sante seksyèl yo. Ou kapab wè avèk yon espesyalis anvan, pandan, oswa apre tretman ou an. Nou kapab ba ou yon referans, oswa ou kapab rele nan 646-888-6024 pou w pran yon randevou.

Reyaksyon ki Fèt sou Po ak nan Cheve

Li posib pou w pa remake okenn chanjman ki fèt nan po w kote yo fè tretman an, men li posib pou w pèdi kèk branch pwèl oswa tout pwèl ki devan ou. An jeneral, pwèl yo ap repouse 3 a 6 mwa apre w fin fè radyoterapi a. Koulè ak teksti a gendwa diferan.

Epizman

Epizman an se lè ou santi ou fatige oswa fèb, ou pa vle fè anyen, ou pa kapab konsantre, oswa ou santi ou lan. Ou gendwa vin gen epizman pandan tretman an oswa nan semèn apre w fin tanmen tretman an. Epizman an kapab kòmanse tou piti epi li vin grav. Li kapab dire 6 semèn a 12 mwa apre w fin fè radyoterapi a.

Genyen anpil rezon ki fè ou ka devlope epizman pandan tretman an, tankou:

  • Efè reyon yo sou kò ou.
  • Deplasman pou ale ak soti nan tretman yo.
  • Lè ou pa repoze ase nan somèy ou nan nuit.
  • Lè w pa pran ase pwoteyin ak kalori.
  • Lè ou gen doulè oswa lòt sentòm.
  • Lè ou santi ou enkyè oswa deprime.
  • Kèk medikaman, tankou medikaman òmonoterapi

Ou ka konstate epizman ou an pi grav pandan kèk moman nan jounen an.

Fason Pou w Jere Epizman

  • Si w ap travay epi ou santi w byen, ou mèt kontinye travay. Men, lè ou travay mwens, sa ka pèmèt ou genyen plis enèji.
  • Planifye aktivite ou fè chak jou yo. Chwazi bagay ki nesesè oswa ki vrèman enpòtan pou w fè epi fè yo lè ou genyen plis enèji. Pa egzanp, ou gendwa ale travay men ou pa fè travay nan kay oswa ou asiste evènman espòtif pitit ou a men ou pa ale nan restoran.
  • Planifye tan pou w repoze oswa fè ti kabicha (10 a 15 minit) pandan jounen an, sitou lè ou santi w pi fatige.
  • Eseye dòmi omwen 8 èdtan chak swa. Sa ka reprezante plis somèy pase kantite somèy ou bezwen anvan kòmansman radyoterapi a. Epitou, ou gendwa twouve li itil pou ou:
    • Ale dòmi pi bonè leswa epi leve pi ta nan maten.
    • Fè aktivite fizik pandan jounen an. Pa egzanp, si ou an mezi pou w fè egzèsis fizik, ou kapab al mache, fè yoga, oswa ale nan dijm nan.
    • Detann kò ou anvan w ale kouche. Pa egzanp, ou kapab li yon liv, rezoud yon kastèt chinwa, koute mizik oswa fè aktivite ki pou detann ou nan tan lib ou.
  • Mande fanmi ak zanmi ede w fè aktivite tankou fè pwovizyon, fè manje ak fè netwayaj. Pale avèk konpayi asirans ou an pou w konnen si li peye pou sèvis swen adomisil yo.
  • Gen kèk moun ki genyen plis enèji lè yo fè egzèsis fizik. Mande doktè ou an si ou kapab fè egzèsis fizik lejè tankou mache, detire kò, oswa yoga. Li atik Managing Cancer-Related Fatigue with Exercise pou w jwenn plis enfòmasyon. Ou kapab jwenn li sou entènèt oswa ou kapab mande yon moun ki fè pati ekip radyoterapi w la yon kopi.
    • Evite monte bisiklèt pandan ou ap fè radyoterapi a. Lè w monte bisiklèt, l ap fè presyon sou zòn kote pwostat ou ye a. Ou kapab itilize yon bisiklèt ki panche.
  • Manje repa nòmal yo. Doktè ou ka konseye w suiv yon rejim ki gen tikal grès ak tikal fib. Li ka di ou pa manje manje ki bay gaz.

Si w gen doulè, dyare (poupou mou oswa poupou dlo), pwoblèm pou w dòmi, oswa ou santi ou deprime oswa gen kè sote, di yon moun ki nan ekip radyoterapi w la sa. Li kapab preskri w medikaman oswa voye ou ale nan youn nan sèvis sipò sa yo. Epitou, ou kapab rele nan nimewo ki anba yo pou w mande yon randevou.

Sant ki bay Konsèy
646-888-0200
Anpil moun konstate lè yo ba yo konsèy, sa ede yo. Sant MSK ki bay konsèy la bay moun, koup, fanmi, ak gwoup moun konsèy. Epitou, li kapab preskri medikaman ki pou soulaje w si w gen kè sote oswa deprime.

Sèvis Medsin Entegre
www.msk.org/integrativemedicine
Sèvis Medsin Entegre nou an ofri plizyè sèvis pou konplete (mache kòtakòt avèk) swen medikal tradisyonèl yo, tankou mizikoterapi, terapi kò ak lespri, terapi avèk dans ak mouvman, yoga, ak terapi avèk men. Pou w pran yon randevou pou sèvis sa yo, rele nan 646-449-1010.

Epitou, ou kapab planifye yon konsiltasyon avèk yon pwofesyonèl swen sante ki nan Sèvis Medsin Entegre a. Li ap ede w fè yon plan pou w viv an sante epi jere efè segondè yo. Pou w pran yon randevou, rele nan 646-608-8550.

Anpil moun twouve li itil pou yo vin mann yon gwoup sipò. Lè ou fè konesans lòt moun ki gen kansè, sa ap ba w yon chans pou w eksprime santiman ou epi koute lòt moun ki genyen menm pwoblèm yo. Epitou, ou ap aprann fason lòt moun fè fas kare avèk kansè yo a ak tretman yo a. Pou w jwenn enfòmasyon sou gwoup sipò MSK yo, ale sou www.mskcc.org/vp oswa pale avèk doktè ou, enfimyè ou, oswa travayè sosyal ou.

Apre Tretman Ou An

Randevou Suivi

Lè ou fin fè radyoterapi a, yon moun nan ekip radyoterapi w la ap di w chak ki lè pou w al wè doktè ou oswa enfimyè w la pou fè suivi yo. Pou fè suivi, ou ka fè egzamen san (tankou tès PSA), eskanè imajri, oswa biyopsi pandan randevou sa yo. Lè ou respekte randevou suivi yo, sa ap pèmèt pwofesyonèl swen sante w la idantifye epi trete efè segondè ki vini annapre yo (efè segondè ki vini 4 mwa oswa plis apre tretman an).

Vitamin ak sipleman alimantè apre radyoterapi

  • Li posib pou w ap resevwa lòt tretman kont kansè anplis radyoterapi w la. Si w ap resevwa lòt tretman, mande doktè ki responsab tretman sa a ki lè ou ap kapab rekòmanse pran sipleman alimantè. Genyen kèk sipleman alimantè ou kapab pran anvan operasyon an oswa pandan chimyoterapi a.
  • Si ou p ap resevwa lòt tretman kont kansè, ou kapab rekòmanse pran sipleman alimantè yo yon (1) mwa apre w fin fè dènye radyoterapi w la.

Si ou vle pale avèk yon dyetetisyen-nitrisyonis klinik sou rejim alimantè w oswa sipleman ou yo, di enfimyè radyoterapi a sa.

Chanjman nan Pipi ak Poupou

Efè segondè ki vini annapre yo kapab sanble ak sila yo ou te genyen pandan tretman an. Gen yon vyepti chans pou w devlope lòt efè segondè. Pa egzanp:

  • Antre blad pipi w gendwa vin pi retresi.
  • Ou ka genyen san nan pipi ou.
  • Ou ka gen senyman k ap soti nan rektòm ou.

Efè segondè sa yo ra. Yo ka fè ale vini avèk tan k ap pase oswa yo ka pèsistan epi kwonik. Ekip swen sante w la ap ede w jere yo.

Menm si ou pa devlope okenn nan efè segondè ki vini annapre yo, pa bliye radyoterapi a te afekte tisi ki nan bladpipi w ak nan rektòm ou yo. Rele radyo-onkològ ou a si:

  • Ou gen nenpòt nouvo sentòm nan pipi, bladpipi, oswa poupou.
  • Ou bezwen fè yon kolonoskopi. Ou evite fè yon kolonoskopi pandan premye ane apre radyoterapi a.
  • Ou bezwen fè nenpòt kalite pwosedi iwolojik oswa rektal.

Chanjman Seksyèl

Gen kèk moun ki vin gen chanjman ki fèt nan vi seksyèl yo apre yo fin fè tretman an. Pa egzanp:

  • Yo ka gen plis difikilte pou yo bande oswa rete bande oswa yo ka pa kapab bande oswa rete bande ditou. Yo rele sa pwoblèm bann (erectile dysfunction, ED).
  • Ou ka santi w diferan lè w ap jwi
  • Lè ou voye, kantite dechay ou konn bay la oswa epesè dechay la ka pa menm.

Chanjman sa yo ka fèt plizyè mwa oswa menm plizyè ane apre radyoterapi a. Si w remake youn ladan yo, mete pwofesyonèl swen sante w la okouran. Li kapab voye ou bay yon doktè ki trete pwoblèm sa yo.

 

Kesyon pou w poze radyo-onkològ ou

Anvan randevou w la, li ap itil pou w note kesyon ou vle poze yo. Men egzanp kesyon yo anba a. Note repons yo ba w yo pandan randevou w la yon fason pou w kapab gade yo ankò pita.

Ki kalite radyoterapi mwen pral resevwa?

Ki valè tretman avèk reyon mwen pral resevwa?

Ki efè segondè mwen ta dwe atann pandan radyoterapi mwen an?

Èske efè segondè yo ap disparèt apre mwen fin fè radyoterapi mwen an?

Ki kalite efè segondè an reta mwen ta dwe atann apre radyoterapi mwen an?

 

Enstriksyon pou Suiv Anvan Randevou Ou Yo

Apati 3 Jou Anvan Randevou Similasyon Ou An

  Enstriksyon yo Objektif
Sipleman fib ki kapab fonn ki abaz metilseliloz (tankou poud Citrucel)
  • Pran yon (1) gwo kiyè poud metilseliloz chak jou. Suiv enstriksyon ki sou pake a pou w ka fonn li nan likid.
Pou pèmèt ou ale alasèl nòmal epi diminye gaz ak balonnman pandan radyoterapi w la.
Vitamin ak lòt sipleman alimantè
  • Ou kapab pran yon miltivitamin chak jou, men pinga ou pran plis pase kantite vitamin oswa mineral yo rekòmande w pran chak jou a.
  • Pinga ou pran okenn lòt vitamin ni sipleman alimantè san w pa pale avèk radyo-onkològ ou a.
Pou pèmèt radyoterapi w la aji pi byen.

Anvan Randevou Similasyon ak Randevou Tretman Ou An

  Enstriksyon yo Objektif
Grenn simetikòn 125 miligram (tankou Gas-X® Extra Strength)
  • Pran 2 (125 miligram) grenn simetikòn lavèy randevou similasyon an ak randevou tretman an.
  • Pran 2 (125 miligram) grenn simetikòn anviwon 2 èdtan anvan randevou similasyon an ak randevou tretman an.
Pou asire w rektòm ou vid.
Sipleman fib ki kapab fonn ki abaz metilseliloz (tankou poud Citrucel)
  • Pran yon (1) gwo kiyè poud metilseliloz nan maten anvan randevou w yo kòm dabitid. Suiv enstriksyon ki sou pake a pou w ka fonn li nan likid.
Lavman sale
  • Bay tèt ou yon lavman sale 2 a 3 èdtan anvan ou ale nan randevou w yo.
Manje
  • Ou kapab manje yon repa lejè sof si radyo-onkològ ou a pase ou lòt enstriksyon.
Medikaman
  • Pran medikaman ou pran chak jou yo kòm dabitid.
  • Ou gendwa oblije pran asetaminofèn (Tylenol) oswa medikaman doulè ou abitye pran an 1 èdtan anvan randevou w yo.
Pou asire w pa gen malèz.

Enfòmasyon pou pran kontak

Si ou genyen kesyon oswa enkyetid, pale avèk yon moun nan ekip radyoterapi ou an. Ou kapab kontakte yo lendi jiska vandredi soti 9è nan maten rive 5è nan apremidi

Apre 5è nan aprèmidi, pandan wikenn, ak jou ferye, rele nan 212-639-2000. Mande pou radyo-onkològ ki disponib lan.

Dènye Mizajou

Jedi, Janvye 19, 2023