Kijan Pou Prepare w Pou Kolonoskopi w la Avèk MiraLAX®

Lè pou Li: Apeprè 12 minit

Enfòmasyon sa a ap ede ou prepare pou kolonoskopi ou a lè w ap itilize polyetèn glikòl (MiraLAX).

Konsènan kolonoskopi ou a

Yon kolonoskopi se yon tès ki pèmèt doktè w la wè anndan kolon ou (gwo trip). Doktè w lan pral ititlize yon kolonoskòp pou l gade anndan trip ou. Se yon tib fleksib ki gen yon kamera nan fen li. Imaj yo ap parèt nan yon ekran videyo.

Pandan pwosedi w la, doktè w la kapab:

  • Retire yon ti echantiyon tisi (byopsi) pou fè tès.
  • Retire yon polip (tisi ki grandi).
  • Fè foto anndan trip ou.

Trip ou dwe vid pou pwosedi a. Doktè w yo ka pa kapab wè polip yo oswa lòt pwoblèm si gen matyè fekal (poupou) anndan trip ou. Ou ka bezwen refè pwosedi a ankò si sa ta pase.

Swiv enstriksyon sa yo avèk prekosyon. Si ou gen nenpòt kesyon, kontakte klinik doktè w la.

1 semèn anvan kolonoskopi ou a

Poze kesyon sou medikaman ou yo

Ou ka bezwen sispann pran kèk nan medikaman abityèl ou yo anvan pwosedi a. Diskite ak pwofesyonèl swen sante ou sou ki medikaman ou ka sispann pran san danje.

Nou mete kèk egzanp komen anba a, men gen lòt ankò. Asire w ke ekip swen sante w la okouran de tout medikaman sou preskripsyon ak san preskripsyon w ap pran yo. Yon medikaman sou preskripsyon se yon medikaman ou ka jwenn sèlman avèk yon preskripsyon nan men yon pwofesyonèl swen sante. Yon medikaman yo vann san preskripsyon vle di ou pa bezwen yon preskripsyon doktè pou achte l.

Li trè enpòtan pou ou pran medikaman ou yo kòrèkteman nan jou anvan pwosedi a. Si w pa fè sa, nou ka oblije ranvwaye pwosedi w la.

Antikowagilan (medikaman ki fonn san)

Antikowagilan se medikaman ki afekte fason san w kowagile. Si ou ap pran yon antikowagilan pou w trete san kaye oswa pou w anpeche kriz kadyak oswa estwòk, mande doktè ki preskri w li a ki lè pou w sispann pran li.

Nou bay kèk egzanp antikowagilan ki komen pi ba. Genyen lòt, kidonk asire w ke ekip swen sante w la konnen tout medikaman w ap pran yo. Pa sispann pran antikowagilan ou an san ou pa pale ak yon manm ekip swen sante w la.

  • Apikzaban (Eliquis®)
  • Aspirin
  • Selekoksib (Celebrex®)
  • Silostazòl (Pletal®)
  • Clopidogrèl (Plavix®)
  • Dabigatran (Pradaxa®)
  • Dalteparin (Fragmin®)
  • Dipiridamòl (Persantine®)
  • Edokzaban (Savaysa®)
  • Enokzaparin (Lovenox®)
  • Fondapariniks (Arixtra®)
  • Enjeksyon Heparin (piki)
  • Meloksikam (Mobic®)
  • Medikaman anti-enflamatwa ki pa gen estewoyid (NSAID yo), tankou ibipwofèn (Advil®, Motrin®), ak napwoksèn (Aleve®)
  • Pentoksifilin (Trental®)
  • Prasigrèl (Effient®)
  • Rivawoksaban (Xarelto®)
  • Silfasalazin (Azulfidine®, Sulfazine®)
  • Tikagrelò (Brilinta®)
  • Tinzaparin (Innohep®)
  • Wafarin (Jantoven®, Coumadin®)

Medikaman pou dyabèt

Si ou pran ensilin oswa lòt medikaman pou dyabèt, ou ka bezwen pou chanje dòz la. Mande doktè ki preskri w medikaman pou dyabèt ou a kisa pou fè jou anvan oswa nan maten jou pwosedi ou a.

Pa pran medikaman sa yo nan jou anvan oswa nan jou pwosedi ou a:

  • Metformin, tankou Glucophage® oswa Glumetza®.
  • Medikaman ki gen ladan l metformin, tankou Janumet®.

Medikaman pou fè moun pèdi pwa

Si ou pran medikaman pou pèdi pwa (tankou yon GLP - 1 medikaman), pale ak pwofesyonèl swen sante ki te pwograme pwosedi w la. Mande yo kisa pou fè anvan pwosedi w lan. Ou ka bezwen kanpe tretman an, swiv diferan enstriksyon sou sa w ap manje e bwè anvan pwosedi a, oswa toulède. Suiv enstriksyon pwofesyonèl swen sante w la.

Nou bay kèk egzanp medikaman ki ka lakoz moun pèdi pwa pi ba. Genyen lòt, kidonk asire w ke ekip swen sante w la konnen tout medikaman w ap pran yo. Gen kèk nan medikaman sa yo ki fèt pou ede jere dyabèt, men pafwa yo preskri yo sèlman pou pèdi pwa.

  • Semaglitid (Wegovy®, Ozempic®, Rybelsus®)
  • Dilaglitid (Trulicity®)
  • Tirzepatid (Zepbound®, Mounjaro®)
  • Liraglitid (Saxenda®, Victoza®)

Fè aranjman pou yon moun mennen ou lakay ou

Ou dwe genyen yon moun ki responsab laswenyay ou ki pou mennen ou lakay ou apre pwosedi w la. Yon moun ki responsab laswenyay ou se yon moun ki kapab ede ou ale lakay ou san danje. Li ta dwe an mezi pou li kontakte ekip swen w lan si li genyen nenpòt pwoblèm. Asire ou planifye sa anvan jou pwosedi w la rive.

Si ou pa gen yon moun ki responsab laswenyay ou ki pou mennen ou lakay ou, rele youn nan ajans anba yo. Yo ap voye yon moun ale lakay ou avèk ou. Yo mande yon frè pou sèvis sa a, epi ou ap oblije bay mwayen transpò. Pa gen pwoblèm pou w pran yon taksi oswa itilize sèvis machin, men ou ap toujou bezwen yon moun ki responsab laswenyay avèk ou.

Ajans nan New York yoAjans nan New Jersey yo
VNS Health: 888-735-8913Caring People: 877-227-4649
Caring People: 877-227-4649 

Pran yon lèt nan men doktè w la, si sa nesesè.

Ou ka bezwen yon lèt otorizasyon anvan entèvansyon ou an. Yon lèt otorizasyon se yon lèt ki di ou kapab fè pwosedi a san danje. Klinik doktè MSK ou an dwe genyen lèt otorizasyon w lan omwen 1 jou anvan pwosedi w la.

Defibrilatè Kadyak Otomatik ki Enplante Anndan kò a (AICD)

Di Doktè MSK ou a si ou gen yon AICD. W ap bezwen yon lèt otorizasyon nan men kadyològ ou a (doktè kè).

Lòt sentòm yo

W ap bezwen yon lèt otorizasyon nan men doktè w la si w te gen nenpòt nan sentòm sa yo nan 6 dènye semèn yo:

  • Doulè nan pwatrin.
  • Pwoblèm pou respire ki nouvo oubyen ki vin pi mal.
  • Pèt konesans.

Achte materyèl

W ap bezwen pou achte materyèl sa yo pou preparasyon trip ou a. Yo souvan rele preparasyon trip la netwayaj trip.

  • 4 (5 mg) tablèt bisakodil (Dulcolax®). Dabitid, yo vann yo nan yon bwat ki gen 10 tablèt.
  • 1 (238 gram) boutèy polyetèn glikòl (MiraLAX®).
  • 64 ons nan nenpòt likid klè ki pa wouj, mòv, ni jòn abriko. Ou ap melanje li avèk MiraLAX. Konsève li nan tanperati chanm lan.
    • Yon bwason espòtif, tankou Gatorade® oswa Powerade®, se yon bon chwa. Bwason espòtif yo ap ede ranplase elektwolit ou ap pèdi pandan preparasyon trip la.
    • Si w soufri dyabèt, asire w bwè likid klè ki pa gen sik.

Achte materyèl adisyonèl, si sa nesesè

Ou ka bezwen achte materyèl adisyonèl si repons ou an se wi a nenpòt nan kesyon sa yo:

  • Èske ou gen tandans pou konstipe (gen pwoblèm pou poupou) oswa èske w fè poupou mwens pase 3 fwa pa semèn?
  • Èske w ap pran medikaman pou soulaje gwo doulè (opyoyid)? Si w gen dout, mande pwofesyonèl swen sante w la. Opyoyid yo gen ladann:
    • Fentanil (Duragesic®, Subsys®).
    • Mòfin (DepoDur®, Duramorph®).
    • Idrokodòn (Vicodin®).
    • Oksikodòn (Oxycontin®, Percocet®).
  • Èske w te fè yon kolonoskopi avèk yon move preparasyon (prezans poupou nan trip ou) nan tan pase?

Si ou te reponn wi ak nenpòt nan kesyon sa yo, ou pral bezwen achte MiraLAX adisyonèl. Ou ka achte yon bwat ki gen 10 pakè ladan l (17 gram) oubyen yon boutèy an poud (119 gram).

W ap bezwen tou achte plis likid pou yon rejim likid konplè Li seksyon “2 jou anvan kolonoskopi ou a” pou egzanp kisa ou ka bwè.

5 jou anvan pwosedi ou a

Sispann pran sipleman fè

Si w ap pran yon sipleman fè, sispann pran l 5 jou anvan pwosedi ou a. Sipleman fè ka koze chanjman koulè nan poupou ou. Sa ka rann li pi difisil pou doktè ou a wè trip ou nan yon fason ki klè.

3 jou anvan kolonoskopi ou a

Swiv yon rejim ki ba an fib

Swiv yon rejim ki ba an fib k ap kòmanse 3 jou anvan kolonoskopi ou a. Pandan tan sa a, pa manje:

  • Fwi ak vejetal kri (ki pa kwit).
  • Mayi an grenn antye, sa enkli ladan l mayi ki nan bwat.
  • Grenn antye (tankou avwàn, diri entegral, kinoa oubyen pen ble).
  • Grenn (tankou grenn pavo oswa grenn wowoli).
  • Nwa.

Pale avèk enfimyè ki responsab endoskopi w la

Kèlke jou anvan pwosedi ou a, enfimyè andoskopi a ap rele w. Y ap revize enstriksyon ki nan gid sa a avè w, epi y ap poze w kesyon sou istwa medikal ou.

Enfimyè a ap revize medikaman w yo tou, epi l ap di w kiyès ladan yo pou ou pran nan maten jou pwosedi ou a.

2 jou anvan kolonoskopi ou a

Kontinye swiv yon rejim ki ba an fib, sof si ou:

  • Konstipe souvan.
  • Pran medikaman pou soulaje gwo doulè.
  • Ou te fè yon kolonoskopi avèk move preparasyon nan tan pase.

Si youn ladan yo aplike pou ou, sispann swiv rejim ki ba an fib la epi swiv enstriksyon sa yo:

  • Pran 1 dòz (17 gram) MiraLAX 3 fwa pa jou. Melanje 1 dòz avèk 8 ons likid a chak fwa. Ou ka pran 1 dòz pandan dejene, manje midi, ak dine.
  • Suiv yon rejim likid konplè. Sou yon rejim likid konplè, ou ka manje ak bwè sa yo:
    • Yogout (san moso fwi ).
    • Ji fwi san nannan.
    • Soda.
    • Bouyon oswa soup krèm ki pase nan paswa, yon fason okenn ti moso vejetal pa rete ladan l.
    • Sipleman nitrisyonèl.
    • Krèm ak ji fwi fè glas. Pa dwe genyen okenn moso fwi, nwa, fudge oubyen manba ki melanje ladan l.

1 jou anvan kolonoskopi ou a

Prepare preparasyon MiraLAX pou trip ou a

Jou maten lavèy pwosedi w la, melanje tout 238 gram poud MiraLAX la avèk 64 ons yon likid klè yo konsève nan tanperati chanm jiskaske poud MiraLAX la fonn.

Depi MiraLAX la fonn, ou kapab mete li nan frijidè a. Sa a opsyonèl.

Pa melanje MiraLAX la pi bonè ke nan maten jou anvan anvan pwosedi ou a.

Suiv yon rejim likid klè

Ou ap oblije suiv yon rejim likid klè lavèy pwosedi w la. Yon rejim likid klè genyen sèlman likid ki transparan ladan li. Ou ka jwenn egzanp nan tablo “Rejim likid klè” a.

Pandan w ap swiv yon rejim likid klè:

  • Piga ou manje gwo manje.
  • Pa bwè anyen ki wouj, mov, oswa oranj.
  • Eseye bwè omwen 1 vè likid (8 ons) chak èdtan pandan je ou klè.
  • Bwè diferan tip likid klè. Piga ou bwè sèlman dlo, kafe ak te. Sa pèmèt ou asire w pran kantite kalori ki sifizan an epi li jwe yon wòl enpòtan nan preparasyon ou ap fè pou kolonoskopi ou an.
  • Si ou fè dyabèt, bwè sèlman likid klè ki pa gen sik ladan yo epi tcheke nivo sik nan san w souvan. Si ou gen nenpòt kesyon, pale avèk pwofesyonèl swen sante w la.
Rejim likid klè
 Sa ou ka pranSa ou pa ka pran
Soup
  • Bouyon klè oswa konsonmen.
  • Nenpòt bagay ki gen ti moso manje sèk oswa epis.
Bagay dous
  • Jelatin, tankou Jell-O®.
  • Glas ki gen gou.
  • Sirèt, tankou Life Savers® ak sirèt sitwon.
  • Nenpòt bagay ki wouj, mov oswa oranj.
  • Tout lòt bagay dous.
Bwason
  • Ji fwi ki klè, tankou limonad, ji pòm, ji krannberi ki blan ak ji rezen ki blan.
  • Soda, tankou gazez jenjanm, 7UP®, Sprite®, avèk dlo ak gaz.
  • Bwason espòtif, tankou Gatorade® ak Powerade®.
  • Kafe san lèt oswa krèm.
  • Te san lèt oswa krèm
  • Dlo, ki gen ladan dlo gazez (ki gen gaz) ak dlo ki gen gou.
  • Nenpòt bagay ki wouj, mov oswa oranj. Sa enkli ladan l ji, soda ak bwason espòtif ki wouj, mov oubyen oranj.
  • Ji ki gen ma.
  • Nekta.
  • Bwason fwi melanje oswa ji blennde.
  • Lèt, krèm, ak lòt pwodwi ki fèt ak lèt.
  • Lèt ki fèt ak nwa, lèt ki fèt ak plant, krèm ki san pwodwi ki fèt ak lèt, epi altènatif pwodwi ki fèt ak lèt.
  • Bwason ki gen alkòl.

Note lè pwosedi w la

Yon manm pèsonèl ki nan Biwo Admisyon an ap rele w aprè midi (12:00 PM) lavèy jou pwosedi ou an. Si pwosedi w la pwograme pou yon jou lendi, y ap rele w nan jou vandredi anvan an.

Manm pèsonèl la ap di w a ki lè pou rive nan lopital la pou fè pwosedi a. Y ap raple w kote pou ale a tou. Si w pa resevwa yon apèl, rele biwo doktè ou a.

Si ou bezwen anile pwosedi ou a, rele biwo pwogramasyon GI a nan 212-639-5020.

Kòmanse prepare trip ou

Etap 1: A nan lavèy jou pwosedi ou a, vale 2 grenn bisacodyl (5 mg) avèk yon vè dlo.

Etap 2: A , kòmanse bwè melanj MiraLAX la.

  1. A 4:15 p.m., bwè 1 vè (8 ons) melanj lan.
  2. A 4:30 p.m., bwè 1 vè (8 ons) melanj lan.
  3. A 4:45 p.m., bwè 1 vè (8 ons) melanj lan.
  4. A 5:00 p.m., bwè 1 vè (8 ons) melanj lan.

W ap bwè an total 4 vè melanj lan.

  • Lè ou fini, mwatye nan melanj MiraLAX la ap rete. Nan lè ou bwè dezyèm mwatye melanj MiraLAX la pral depann de lè ki pwograme pou ou rive a. Swiv enstriksyon ki nan Etap 3 a.
  • Jeneralman w ap kòmanse ale poupou nan espas 1 èdtan aprè ou fin bwè premye dòz la, men sa ka pran plis tan pou kèk moun.
    • Pa enkyete si ou poko kòmanse al poupou aprè ou fin bwè premye mwatye MiraLAX la. Kontinye bwè likid klè epi kòmanse bwè deyèm mwatye MiraLAX la jan yo ba w enstriksyon an.
  • Mete jèl petroleum (Vaseline®) oubyen yon pomad A & D® sou po ki bò anis ou aprè chak fwa ou fin fè poupou. Sa pèmèt ou evite iritasyon.
  • Kontinye bwè likid klè pou ka rete idrate epi pou netwaye trip ou.

Etap 3 (Si yo te di w pou ou rive anvan pou pwosedi ou a):

Si yo te di w pou rive anvan pou pwosedi ou a, swiv enstriksyon sa yo nan sware lavèy jou pwosedi ou a:

A , vale 2 grenn bisacodyl avèk yon vè dlo. Apresa, kòmanse bwè dezyèm mwatye nan melanj MiraLAX la.

  1. A 11:15 p.m., bwè yon vè (8 ons) melanj lan.
  2. A 11:30 p.m., bwè yon vè (8 ons) melanj lan.
  3. A 11:45 p.m., bwè yon vè (8 ons) melanj lan.
  4. A 12:00 a.m. (minwi), bwè yon vè (8 ons) melanj lan.

Asire w ke ou fin bwè tout melanj MiraLAX la.

  • Ou ka kontinye bwè likid ki klè jiska 4 èdtan anvan lè ki te pwograme pou rive a.
  • Pa manje anyen jiskaske aprè pwosedi ou a.

Jou kolonoskopi ou a

Etap 3 (Si yo te di w pou ou rive a oubyen pi ta pou pwosedi ou a):

Si yo te di w pou ou rive a oubyen pi ta pou pwosedi ou a, swiv enstriksyon sa yo nan maten jou pwosedi ou a:

A , pran 2 grenn bisacodyl nan bouch ou avèk yon vè dlo. Apresa, kòmanse bwè dezyèm mwatye nan melanj MiraLAX la.

  1. A 06:15 a.m., bwè yon vè (8 ons) melanj lan.
  2. A 06:30 a.m., bwè yon vè (8 ons) melanj lan.
  3. A 06:45 p.m., bwè yon vè (8 ons) melanj lan.
  4. A 07:00 p.m., bwè yon vè (8 ons) melanj lan.

Asire w fin bwè tout melanj MiraLAX la.

  • Ou kapab kontinye bwè likid klè rive jiska 4 èdtan anvan lè yo pwograme pou vini an rive.
  • Pa manje anyen jiskaske pwosedi ou a fini.

Bagay pou w sonje

  • Pran sèlman medikaman doktè ou di w pran an nan maten jou pwosedi a. Pran yo avèk kèk ti gòje dlo.
  • Pa mete losyon, krèm oswa poud sou pwatrin ou oswa bra w.
  • Retire tout bijou ou gen sou ou, sa enkli ladan l pèsin ki sou kò ou.
  • Kite tout bagay ki gen valè, tankou kat kredi ak bijou, lakay ou. Nou pa gen kazye pou nou mete bagay ou genyen ki gen valè.
  • Si ou pote vè kontak, mete linèt pito.

Sa pou w pote

  • Kat bous ou, si ou gen yon AICD epi kat ou a poko nan dosye lopital la.
  • Ponp inalatè ijans (tankou albuterol pou opresyon), si ou gen youn.
  • Yon bwat pou linèt ou oswa fo dan ou, si ou itilize yo.
  • Fòm Reprezantan Swen Sante w la, si ou te ranpli youn.

Kote pou w ale

Pwosedi w la ap fèt nan youn nan kote sa yo:

  • Endoscopy Suite nan Memorial Hospital (Lopital prensipal MSK a)
    1275 York Avenue (ant East 67th ak East 68th Streets)
    New York, NY 10065
    Pran asansè B a pou ale nan 2yèm etaj la. Vire adwat epi antre nan Sant Operasyon ak Pwosedi a atravè pòt an vit yo.
  • David H. Koch Center
    530 East 74th St.
    New York, NY 10021
    Pran asansè a pou ale nan 8yèm etaj la.
  • MSK Monmouth
    480 Red Hill Road
    Middletown, NJ 07748

Vizite www.msk.org/parking pou enfòmasyon sou pakin nan tout kote sa yo.

Sa pou w atann

Anpil manm pèsonèl la pral mande w pou di epi eple non w epi di dat ou fèt Se pou sekirite ou. Moun ki gen menm non yo oswa non ki sanble yo gendwa ap fè pwosedi yo menm jou a.

Lè moman an rive pou w chanje rad sou ou pou fè pwosedi w la, yo ap ba ou yon chemiz lopital, wòb, ak chosèt antiderapan pou w mete.

Ou ap rankontre avèk doktè w la anvan pwosedi w la. Li ap eksplike ou pwosedi a epi reponn nenpòt kesyon ou ka genyen.

Ou ap rankontre anestezis ou an. Yo pral revize istwa medikal ou avèk ou epi pale avè w sou kalite anestezi (medikaman ki pou fè w dòmi) ou pral pran.

Yon manm pèsonèl la pral mennen w nan chanm pwosedi a pral fèt la lè lè a rive pou fè kolonoskopi ou a. Ou ap kouche sou bò goch ou avèk jenou ou koube.

Yon founisè swen sante pral mete yon liy pou sewòm nan venn ou (IV), jeneralman nan bra w oswa nan men w. Ou ap pran anestezi nan sewòm ou an, sa ki pral fè dòmi pran ou. Depi ou andomi, doktè w la ap kòmanse fè pwosedi a.

Doktè w la ap mete yon kolonoskòp nan dènye bout gwo trip ou. Kolonoskòp la ap konekte ak yon ekran videyo. Sa a pèmèt doktè ou a wè anndan trip ou. Doktè w la ap sèvi ak lè epi likid pou li deplase kolonoskòp la nan trip ou pandan li ap chèche nenpòt bagay ki dwòl sou ekran videyo a.

Pwosedi a konn pran mwens pase 60 minit (1 èdtan).

Kesyon ki poze pi souvan (FAQs)

Mwen ap fè preparasyon an epi mwen kòmanse ap poupou likid, dyare anvan mwen fini li. Èske fòk mwen toujou bwè rès preparasyon an?

Wi. Fòk ou bwè tout preparasyon an pou w netwaye trip an nèt pou w ka fè yon kolonoskopi ki san danje epi ki konplè.

Mwen santi m pral vomi (noze) oswa mwen vomi (vomi) aprè mwen fin fè preparasyon trip la. Kisa mwen ta dwe fè?

Anpil moun ka gen anvi vomi pandan yo ap bwè preparasyon pou trip la. Pou soulaje sa, eseye melanje poud MiraLAX la avèk likid klè ou renmen bwè yo.

Si ou anvi vomi, ou ta dwe bwè li dousman, epi pran yon pòz. Sa vle di ou ta dwe sispann bwè likid la pandan 30 rive 45 minit pou w retire sa ki nan vant ou. Pandan w ap pran yon poz, ou ka mete likid preparasyon w lan nan frijidè si ou prefere bwè l glase. Apre ou fin pran poz la, eseye bwè preprasyon an dousman ankò. Itilize yon chalimo si w gen youn.

Si w vomi, pran yon poz 30 rive 45 minit. Si w genyen yon medikaman ki pou anpeche w vomi lakay ou, ou ka pran 1 dòz anvan ou rekòmanse preparasyon an. Ou kapab bwè nenpòt likid klè ou renmen bwè pou w rete idrate. Li enpòtan pou w bwè tout likid preparasyon an pou w netwaye trip ou nèt pou w ka fè yon kolonoskopi ki san danje epi ki konplè.

Aprè kolonoskopi ou a

Enfimyè w la ap kontinye kontwole kè ou, respirasyon ou, ak tansyon ou. Anpil moun santi yo balonnen oswa yo gen kranp nan vant apre yo fin fè yon kolonoskopi. Se nòmal epi li disparèt lè yo fè gaz.

Depi je ou klè nèt, enfimyè w la ap retire sewòm ou an. Si ou gen yon moun ki ap tann avèk ou, enfimyè w la ap eksplike nou toude enstriksyon yo pou egzeyat la anvan ou ale lakay ou.

Lè ou rive lakay ou

  • Ou ka kòmanse manje manje lejè touswit aprè yo fin ba w egzeyat. Toudabò, evite manje ki gen epis oswa piman, grès, epi ki fri. Repran rejim nòmal ou. Si doktè w la vle pou w limite rejim ou pandan yon peryòd tan, li ap di w sa.
  • Pa bwè anyen ki gen alkòl ladan l pandan 24 èdtan aprè pwosedi ou a.
  • Ou kapab retounen fè aktivite ou konn fè yo 24 èdtan apre pwosedi w la.

Si w te fè yon biyopsi, se nòmal pou w bay yon ti kantite san pa ba. Pa ta dwe gen plis ke kèlke gout san. San an ta dwe sispann koule 24 èdtan aprè pwosedi ou a.

Apre yon kolonoskopi, li nòmal pou w pa ale alasèl menm jan ou abitye ale a. Sa ka dire pandan jiska yon semèn apre pwosedi w la.

Lè pou rele pwofesyonèl swen sante ou

Rele pwofesyonèl swen sante ou si w gen nenpòt nan sa ki vini annapre yo:

  • Yon fyèv 101 °F (38.3 °C) oswa ki pi wo.
  • Yon gwo doulè lestomak oubyen gonfleman.
  • Si w ap senyen nan rektòm ou pandan plis pase 24 èdtan.
  • Senyen pandan w ap fè poupou.
  • Feblès, etoudisman, oswa noze.
  • Anpil san k ap koule soti nan rektòm ou.

Dènye Mizajou

Jen 9, 2025

Learn about our Health Information Policy.