Konsènan Orifis Enplante Ou An

Pataje
Lè pou Li: Apeprè 13 minit

Enfòmasyon sa yo eksplike orifis enplante yo, plasman orifis, ak fason pou w pran swen orifis ou a. Yo souvan rele orifis enplante a mediport oswa port-a-cath. Yon orifis pwoteje venn ou yo pandan tretman kansè.

Kisa yon orifis enplante ye?

Yon orifis enplante se yon kalite katetè yo mete nan mitan venn (central venous catheter, CVC). Yon CVC se yon tib fleksib yo mete nan youn nan venn ou yo.

Ou gendwa oblije pran medikaman nan yon venn ki pi gwo pase venn ki nan bra ou yo. Orifis ou a pèmèt medikaman an antre nan sikilasyon san w pa mwayen venn ou. Yo kapab itilize li pou ba w medikaman pandan plizyè jou youn dèyè lòt.

Yon orifis pwoteje venn ou yo kont dega yo ka sibi si yo ale ladan yo plizyè fwa. Yon orifis fasilite ekip swen w lan:

  • Pran echantiyon san.
  • Ba ou medikaman nan venn. Se medikaman yo mete nan youn nan venn ou yo. Kèk medikaman yo bay nan venn, tankou anestezi ak kèk kalite chimyoterapi, dwe pase nan yon gwo venn.
  • Ba ou likid nan venn.
  • Ba ou pwodui san nan venn, tankou plakèt ak plasma.
  • Ba ou kontras nan venn. Se yon tenti espesyal ki pèmèt pwofesyonèl swen sante w la wè ògàn ou yo pi byen.

Pwofesyonèl swen sante w la ap di w si mete yon orifis se pi bon opsyon pou ou ak tretman w lan.

Se yon chirijyen oswa yon radyològ ki fè entèvansyon (yo rele doktè IR tou) k ap mete orifis la pou ou. Yon doktè IR se yon doktè ki espesyalize li nan pwosedi imaj gide. Jeneralman, li ap mete orifis ou a nan pwatrin ou. Pafwa, li kapab mete orifis la nan ponyèt ou pito. Pwofesyonèl swen sante w la ap pale avèk ou pou l konnen kote li ap mete orifis ou a.

Jeneralman, orifis yo mete nan pwatrin yo chita kò yo nan yon distans apeprè 1 pous (2.5 santimèt) anba mitan zo salyè dwat ou (gade Imaj 1 an). Sa pèmèt li ale nan venn ou pi dirèk. Si w mete soutyen, orifis ou a ap nan yon distans apeprè 1 pous ak kote bretèl soutyen an ye a.

Plasman orifis la, lè w gade l pa devan (agoch) ak lè w gade l sou kote (adwat)

Imaj 1. Lè w gade orifis la pa devan (agoch) epi lè w gade orifis la sou kote (adwat)

Orifis ou a ka fè po w leve a apeprè yon demi (½) pous (1.2 santimèt). Li posib pou w santi li nan po ou. Pifò moun p ap kapab wè ou gen yon orifis. Orifis ou a p ap fè detektè metal yo fè sonnen.

Orifis ou a kapab rete an plas pandan plizyè lane. Pwofesyonèl swen sante w la ap retire orifis ou a lè w pa bezwen li ankò. Li ap retire li tou si li enfekte. Li kapab mete yon lòt orifis pi devan, si sa nesesè.

Pyès ki konpoze oris enplante w la

Pyès ki konpoze orifis enplante a se orifis la, septòm nan (pati nan mitan an), ak katetè a (gade Imaj 2 a).

Orifis ak septòm

Orifis la se kote pou likid la kòmanse sikile nan katetè a. Li chita anba po w epi li gen yon mitan ki soulve yo rele septòm. Se pati nan orifis la kote yo pral mete zegui yo. Yo rele li pwen antre tou.

Septòm nan fèt ak yon materyèl an kawotchou ki ka bouche poukont li. Anyen pa ka antre nan orifis la san w pa fouye yon zegui ladan l. Septòm nan fèmen poukont li depi w retire zegui a ladan l.

Katetè

Katetè a se yon tib an plastik ki fen epi ki fleksib. Li gen yon pwent ki konekte ak orifis ou a. Lòt pwent lan chita nan venn ou.

Imaj 2. Pyès ki konpoze orifis ou a

Kalite orifis enplante ki genyen

Orifis yo kapab gen fòm won, oval, oswa triyang. Orifis ou a gendwa se yon Mediport®, BardPort®, PowerPort®, oswa Port-A-Cath®. Yo kapab se orifis ki gen yon sèl limyè (twou) oswa orifis ki gen doub (2) limyè (gade imaj 3 a). Pwofesyonèl swen sante w la ap chwazi sa ki pi apwopriye pou ou a ak tretman w yo.

Orifis ki gen yon sèl limyè

Yon orifis ki gen yon sèl limyè genyen 1 pwen antre. Pifò moun mete orifis ki gen yon sèl limyè a.

Orifis ki gen doub limyè

Yon orifis ki gen doub limyè genyen 2 pwen antre. Ou kapab mete yon zegui nan chak pwen antre. Ou gendwa mete yon orifis ki gen doub limyè si w jeneralman bezwen plis pase 1 pwen antre pou fè tretman.

Imaj 3. Orifis ki gen yon sèl limyè (agoch) ak orifis ki gen doub limyè (adwat)

Orifis alimantasyon

Pifò orifis enplante yo fèt pou yo itilize yo pandan tès imajri. Nan tès sa yo genyen tomodansitometri (CT) oswa imajri ak rezonans mayetik (IRM). Orifis sa yo pèmèt ou fè enjeksyon kontras ak gwo vitès. Yo rele orifis sa yo orifis alimantasyon (gade Imaj 4 la).

Pwofesyonèl swen sante w la ap fè ou konnen si ou gen yon orifis alimantasyon. Epitou, li ap ba ou yon kat ki gen enfòmasyon sou orifis ou a. Toujou mache avèk kat sa a.

Orifis alimantasyon senp (agoch) ak orifis alimantasyon doub (adwat)

Imaj 4. Orifis alimantasyon senp (agoch) ak orifis alimantasyon doub (adwat)

Sa pou fè anvan ou fè pwosedi pou mete orifis enplante a

Anviwon yon (1) semèn anvan pwosedi a, ou pral fè yon chita pale avèk ekip k ap fè pwosedi a nan kad yon vizit anvan pwosedi. Pandan vizit sa a, yo pral ba w plis enfòmasyon sou nouvo orifis ou a ak fason pou pran swen li. Epitou, ou ta dwe fè yon fanmi oswa yon zanmi aprann avèk ou.

Poze kesyon sou medikaman ou yo

Ou ka oblije sispann pran kèk nan medikaman ou yo anvan pwosedi a, tankou:

  • Vitamin E.
  • Aspirin.
  • Antikowagilan
  • Ensilin, oswa lòt medikaman kont dyabèt.

Pale avèk doktè ou sou ki medikaman ki bon pou w sispann pran.

Si w ap pran nenpòt lòt medikaman, mande doktè ki te preskri medikaman yo si w ta dwe sispann pran yo anvan ou fè pwosedi a.

Si w gen medikaman w ap pran lematen, pale avèk doktè w la pou konnen ki medikaman ou ta dwe pran anvan pwosedi a. Doktè w la ka di w pou tann jouk apre pwosedi a pou w pran kèk nan medikaman ou yo.

Note lè pwosedi w la

Yon manm pèsonèl la ap rele ou ant 2è nan apre midi ak 4è nan apre midi lavèy pwosedi w la. Si yo pwograme pwosedi a pou yon jou lendi, yo ap rele ou jou vandredi anvan an. Si ou pa resevwa yon apèl anvan 4è nan apre midi, rele nan 212-639-5948.

Manm pèsonèl la ap di w a ki lè pou rive nan lopital la pou fè pwosedi a. Yo ap raple w kote pou ale tou.

Fason pou prepare w pou fè pwosedi pou mete orifis enplante a

Pwosedi pou mete orifis ou a ap fèt nan sal operasyon an. Pwofesyonèl swen sante w la ap di w fason pou prepare ou.

Retire aparèy yo sou po ou

Yo gendwa mete kèk aparèy sou po ou. Anvan eskanè oswa pwosedi w la, fabrikan aparèy yo konseye ou retire sou po ou:

  • Glikomèt pèmanan (continuous glucose monitor, CGM)
  • Ponp ensilin

Pale avèk pwofesyonèl swen sante w la sou fason pou pran randevou w la pou l ka pi pre dat ou bezwen chanje aparèy ou a. Asire ou genyen yon aparèy anplis pou w mete sou ou apre eskanè oswa pwosedi w la.

Ou ka pa konnen fason pou w jere glikoz ou pandan aparèy ou a fèmen. Si se sa, anvan randevou w la, pale avèk pwofesyonèl swen sante k ap jere dyabèt ou a.

Fè aranjman pou yon moun mennen ou lakay ou

Ou dwe genyen yon moun ki responsab laswenyay ou ki pou mennen ou lakay ou apre pwosedi w la. Yon moun ki responsab laswenyay ou se yon moun ki kapab ede ou ale lakay ou san danje. Li ta dwe an mezi pou li kontakte ekip swen w lan si li genyen nenpòt pwoblèm. Asire ou planifye sa anvan jou pwosedi w la rive.

Si ou pa gen yon moun ki responsab laswenyay ou ki pou mennen ou lakay ou, rele youn nan ajans anba yo. Yo ap voye yon moun ale lakay ou avèk ou. Yo mande yon frè pou sèvis sa a, epi ou ap oblije bay mwayen transpò. Pa gen pwoblèm pou w pran yon taksi oswa itilize sèvis machin, men ou ap toujou bezwen yon moun ki responsab laswenyay avèk ou.

Ajans nan New York yo Ajans nan New Jersey yo
VNS Health: 888-735-8913 Caring People: 877-227-4649
Caring People: 877-227-4649  

Sa pou fè lavèy pwosedi pou mete orifis enplante a

Enstriksyon pou manje ak bwè: uit (8) èdtan anvan ou rive

  • Sispann manje uit (8) èdtan anvan ou rive, si ou pa t manje deja.
    • Pwofesyonèl swen sante w la gendwa mande w sispann manje pi bonè. Si li mande w fè sa, obeyi li.
  • Uit (8) èdtan anvan ou rive, pinga ou manje ni bwè anyen sof likid klè sa yo:
    • Dlo.
    • Soda.
    • Ji klè, tankou limonad, ji pòm, ak ji krannberi. Pinga ou bwè ji zoranj ni ji ki gen ma.
    • Kafe nwa oswa te (san lèt ni krèm).
    • Bwason pou espòtif, tankou Gatorade®.
    • Jelatin, tankou Jell-O®.
    Ou kapab kontinye bwè bwason sa yo rive jiska de (2) èdtan anvan ou rive.

Sa pou fè jou pwosedi pou mete orifis enplante a

Enstriksyon pou bwè: de (2) èdtan anvan ou rive

Sispann bwè likid de (2) èdtan anvan ou rive. Menm dlo tou.

Enstriksyon pou medikaman

Pran sèlman medikaman doktè ou di w pran jou maten ou ap fè pwosedi a. Pran yo avèk yon ti gòje dlo.

Bagay pou w sonje

  • Ou kapab benyen jan ou abitye fè a anvan pwosedi w la. Pwofesyonèl swen sante w la ka di w pou benyen avèk yon savon espesyal ki rele Hibiclens lavèy. Si l di w fè l, li ribrik ki gen pou tit “Fason pou benyen avèk yon pwodui antiseptik pou netwaye po (tankou Hibiclens)” ki nan resous sa a.
  • Pinga ou mete okenn losyon, krèm, poud, deyodoran, makiyaj, pafen, ni dlo kolòy sou ou.
  • Si ou pote vè kontak, mete linèt pito. Lè ou pote vè kontak pandan pwosedi a, sa kapab andomaje je ou.
  • Pa mete okenn objè an metal. Retire tout bijou ou gen sou ou, tankou pising ki nan kò ou. Ekipman yo itilize pandan pwosedi a kapab lakoz brili si yo jwenn ak metal.
  • Kite bagay ki gen valè (tankou kat kredi ak bijou) lakay ou.
  • Ou ap bezwen retire kèk bagay anvan ou antre nan sal operasyon an. Pami yo genyen aparèy pou ede moun tande, fo dan, aparèy pwotèz, perik ak aktik relijye.

Sa pou w pote

  • Yon bwat pou mete linèt ou, si w pote yo.
  • Rad ki lach, konfòtab pou mete apre pwosedi a.
  • Yon ti zorye oswa sèvyèt, si w prale lakay ou nan machin. Ou kapab itilize l pou w pwoteje ensizyon w lan (blesi operasyon) kont senti sekirite a.
  • Fòm Reprezantan Swen Sante w ak lòt direktiv, si w te ranpli yo.
  • Medikaman w yo, si w genyen.

Kote pou pakin

Pakin MSK a chita kò l nan East 66th Street ant York ak 1st avenues. Si w gen kesyon sou pri yo, rele nan 212-639-2338.

Pou w ale nan pakin nan, vire sou East 66th Street apati York Avenue. Pakin nan pa twò lwen York Avenue. Li sou bò dwat (nò) lari a. Gen yon tinèl ou kapab pase ladan ki konekte pakin nan ak lopital la.

Men kote ki genyen lòt pakin:

  • East 69th Street ant 1st ak 2nd avenues.
  • East 67th Street ant York ak 1st avenues.
  • East 65th Street ant 1st ak 2nd avenues.

Sa pou atann lè ou rive

Plizyè nan manm pèsonèl la ap mande w pou di ak eple non w epi di dat ou fèt. Se pou sekirite ou. Li posib pou gen moun ki gen menm non ak ou oswa non ki sanble ak non ou k ap fè yon pwosedi menm jou a.

Ou ap ranpli yon kesyonè kout si ou potko fè sa nan MyMSK, ki se pòtay pou pasyan yo.

Yo ap ba ou kalman (medikaman ki pou fè w rete tèt frèt) nan yon katetè. Katetè a gendwa se yon tib sewòm ki nan bra ou oswa men ou. Li gendwa se yon CVC, tankou yon katetè santral nan mete sou deyò (PICC), si w deja genyen youn. Yon moun nan ekip swen w lan ap rewè sa avèk ou anvan pwosedi w la.

Yon manm pèsonèl la ap mennen ou nan sal pwosedi a lè moman pou mete orifis la rive.

Wè avèk yon enfimyè

Ou pral wè avèk yon enfimyè anvan pwosedi w la. Di li dòz nenpòt medikaman ou te pran apre minui ak lè ou te pran yo. Asire w di li medikaman preskripsyon ak medikaman san preskripsyon, patch, ak krèm yo.

Enfimyè w la ka mete yon liy pou sewòm nan youn nan venn ou yo, jeneralman se nan bra w oswa men ou. Si enfimyè w la pa mete li, anestezis ou a ap fè li nan sal pwosedi a.

Wè avèk yon anestezis

Ou pral wè avèk anestezis ou an tou Yon anestezis se yon doktè ki resevwa fòmasyon espesyal nan zafè anestezi. Li ap ba ou anestezi pandan pwosedi w la. Epitou:

  • Li ap rewè antesedan medikal ou avèk ou.
  • Mande si w te gen pwoblèm avèk anestezi oparavan. Sa gen ladan l anvi vomi oswa doulè.
  • Li ap pale avèk ou pou l konnen si w alèz epi an sekirite pandan pwosedi w la.
  • Li ap pale avèk ou sou kalite anestezi ou pral pran an.
  • Li ap reponn kesyon ou genyen sou anestezi.

Andedan sal operasyon an

Depi w rive nan sal operasyon an, pwofesyonèl swen sante a ap ba ou yon piki anestezi lokal. Anestezi lokal la se medikaman pou angoudi yon zòn nan kò ou. Pwofesyonèl swen sante w la ap ba ou piki anestezi a nan kou w oswa pwatrin ou.

Li gendwa oblije ba ou anestezi jeneral tou pou li mete orifis ou a. Anestezi jeneral la se medikaman ki pou fè w dòmi pandan pwosedi w la.

Doktè w la ap fè yon ti ensizyon nan baz kou w (gade Imaj 5 lan). Li ap gen yon longè ki apeprè 1 a 1.5 pous (2.5 a 4 santimèt). Li ap fè yon dezyèm ti ensizyon ki ap mezire apeprè 0.5 pous (1 santimèt) longè sou pwatrin ou, anba zo salyè ou. Apresa, li ap fè yon pòch anba po w. Pòch la ap kenbe orifis ou a an plas.

Imaj 5. Kote yo fè ensizyon pou mete orifis la

Pwofesyonèl swen sante w la ap mete katetè a nan dezyèm ensizyon an epi konekte li nan venn ou.

Ekip swen w lan ap itilize pwen kouti oswa yon kòl chirijikal ki rele Dermabond® pou li fèmen ensizyon ou yo. Si w gen pwen kouti, yo ap absòbe nan kò ou. Ou pa p bezwen retire yo. Yo gendwa itilize Steri-StripsTM tou. Yo se bann riban chirijikal ki kout epi ki fen epi yo pi solid pase yon pansman nòmal.

Pwosedi w la ta dwe dire anviwon 1 èdtan.

Sa pou fè apre pwosedi pou mete orifis enplante a

Nan Inite Swen Apre Anestezi (Post-Anesthesia Care Unit, PACU)

Lè w reveye apre pwosedi w la, w ap wè ou nan PACU a. Ap gen yon enfimyè k ap siveye tanperati kò ou, vitès batman kè ou, tansyon ou, ak nivo oksijèn ou. Ou ka pran oksijèn nan yon tib ki chita anba nen ou oswa yon mask ki kouvri nen w ak bouch ou. Epitou, w ap genyen bòt konpresyon nan bout jarèt ou.

Fè enfimyè w la konnen si w santi doulè. Li ka ba ou medikaman pou doulè w la.

Mande enfimyè w la konbyen tan ou ap fè nan PACU a. Ekip swen w lan ap di w ki lè ou ka ale lakay ou. Ou ap bezwen yon patnè swen ki responsab ki pou ale avèk ou.

Enfimyè w la ap retire tib ki nan venn ou an anvan w kite lopital la. Li ap eksplike ou ki jan pou w chanje pansman an ak fason pou pran swen tèt ou lakay ou.

Fason pou w pran swen kote yo fè ensizyon an

Ou ap genyen yon pansman sou ti ensizyon ki sou pwatrin ou an. Ou kapab retire pansman sa a 48 èdtan (2 jou) apre pwosedi a.

Ou gendwa santi kote yo te fè ensizyon yo ak kote yo te pèse katetè a anba pò a ap fè w mal. Li ta dwe amelyore nan 1 a 2 jou. Ou kapab pran medikaman doulè yo vann san preskripsyon si w vle. Ou gendwa remake kèk mak tou.

Lè w mete yon senti sekirite, li ka fè presyon sou ensizyon w yo. Ou kapab mete yon ti zorye oswa yon sèvyèt pliye ant bretèl la ak kò ou pou ede w ak sa.

Ensizyon ki fèmen avèk pwen kouti

Si yo te fèmen ensizyon ou yo avèk pwen kouti:

  • Ou ap genyen 2 ti pansman sou ensizyon w lan.
  • Kite pansman yo an plas pandan 48 èdtan, oswa toutotan pwofesyonèl swen sante w la di w kite yo.
  • Pinga ou mouye pansman yo. Ou gendwa benyen depi w retire pansman yo.

Ensizyon ki fèmen avèk Dermabond

Si yo te fèmen ensizyon ou yo avèk pwen kouti:

  • Ou ka genyen ti moso riban oswa pansman sou ensizyon yo.
  • Pinga ou mete losyon oswa adezif sou riban an oswa pansman an.
  • Pinga ou grate ni retire Dermabond lan. Li ap soti poukont li apre anviwon 7 a 10 jou.
  • Ekip swen w lan ap di ou ki jan pou w benyen san pwoblèm jiskaske ensizyon ou yo geri.

Po ki sou orifis ou an pa bezwen okenn swen espesyal. Ou kapab lave li jan ou konn abitye lave l la. Si ekip swen w lan te sèvi ak Steri-Strips, yo ap soti poukont yo nan 7 a 10 jou.

Orifis ou a p ap fè detektè metal yo fè sonnen.

Fason pou benyen

  • Pandan premye 24 èdtan apre pwosedi a, kenbe pansman an sèk. Ou kapab benyen ak eponj depi pansman an pa mouye.
  • Ou kapab benyen 48 èdtan (2 jou) apre pwosedi a. Pinga ou tranpe kò w nan benwa oswa pisin. Ou kapab kòmanse benyen youn (1) a de (2) semèn apre pwosedi a. Doktè w la ap di w ki lè ou kapab fè sa san pwoblèm. Ou kapab plonje tout kò w anba dlo nan yon benwa oswa pisin depi dlo a pa jwenn ak orifis ou a.
  • Si orifis ou a jwenn ak dlo pandan w lakay ou:
    • Kouvri pansman transparan ki sou orifis la avèk yon pasman ki rezistan ak dlo (tankou Aquaguard®). Enfimyè w la kapab di w jan pou itilize l.
    • Benyen avèk Hibiclens chak jou pou pwoteje tèt ou kont enfeksyon. Suiv enstriksyon “Fason pou benyen avèk yon pwodui antiseptik pou netwaye po (tankou Hibiclens)Benyen avèk yon pwodui antiseptik pou netwaye po solisyon CHG 4% (tankou enstriksyon Hibiclens ki nan fen resous sa a.
    • Lè w ap fè twalèt ou, ale dousman avèk po ki ozalantou kote orifis la ye a. Ou kapab fè twalèt ou dousman avèk savon, men pa itilize debabouyèt ni bwòs. Byen rense po ou epi fè ti tape li pou w seche l avèk yon sèvyèt swa.
  • Ou kapab kòmanse itilize yon debabouyèt lè w ap benyen 2 semèn apre pwosedi a. Evite fwote kote a jiskaske l geri nèt. An jeneral, sa apeprè 6 semèn apre pwosedi a.

Aktivite fizik apre pwosedi a.

Pwofesyonèl swen sante w la ap di w ki egzèsis ak mouvman ou kapab fè pandan ensizyon w yo ap geri. Pale avèk pwofesyonèl swen sante w la anvan kòmanse w fè egzèsis, tankou:

  • Kouri.
  • Detire.
  • Leve nenpòt bagay ki peze plis pase 10 liv (4.5 kilogram).
  • Espò kontak, tankou foutbòl ameriken.

Fason pou ale nan orifis enplante ou an

Pwofesyonèl swen sante w la prale nan orifis ou a lè ou bezwen pran likid oswa medikaman nan venn Pou li fè sa, li ap mete yon zegui nan pwen antre a (gade Imaj 6 la). Likid la oswa medikaman an ap soti nan orifis ou a, li ap pase nan katetè a epi l ap ateri nan sikilasyon san ou.

Se sèlman pwofesyonèl swen sante ki pran fòmasyon nan zafè swen orifis ki ta dwe ale nan orifis ou an.

Antre zegui nan orifis ou a

Imaj 6. Fason pou ale nan orifis ou a

Ekip swen w lan ka bezwen ale nan orifis ou a jou yo mete l la. Si yo ale ladan l, yo ap mete yon zegui anndan septòm nan lè yo mete orifis ou a.

Zegui a ak orifis la ap gen yon pansman espesyal sou li lè yo ale nan orifis ou a (gade Imaj 7 la). Pansman an ap pèmèt zegui a rete an plas. Kapab genyen yon ti pansman sou ensizyon anlè a tou. Ou pa bezwen mete pansman sou orifis ou a lè ou p ap itilize li.

Imaj 7. Pansman sou orifis ou a

Fason pou flòch orifis ou a

Orifis ou a flòch poukont li lè li ap sèvi. Lè orifis ou a p ap sèvi, fòk ou flòch li omwen chak 12 semèn. Selon lè ou gen randevou yo, yon enfimyè gendwa flòch orifis ou a pi souvan. Pou li fè sa, li ap mete yon zegui ladan l. L ap itilize yon piki pou l mete yon dlo sale ki esteril nan katetè a. Li fè sa pou li asire l katetè a pa bouche. Katetè w la gendwa pa fonksyone si li bouche. Si sa rive, ou ka oblije fè l retire orifis ou a.

Fason pou retire orifis ou a

Pwofesyonèl swen sante w la gendwa retire orifis ou a lè ou pa bezwen li ankò, oswa si li enfekte. Pale ak pwofesyonèl swen sante w la pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou retire orifis ou a.

Lè pou rele pwofesyonèl swen sante ou

  • Si w gen nouvo doulè oswa doulè a ogmante kote orifis la ye a.
  • Si kote orifis la ye a anfle oswa li gen yon mak k ap grandi.
  • Si ensizyon w lan (yo) ap fè pij oswa ap bay likid.
  • Si w remake ensizyon w lan (yo) cho, sansib, wouj, irite, oswa ap louvri.
  • Si w gen yon lafyèv ki 100.4 degre farennay (38 degre santigrad) oswa ki pi wo.
  • Si w gen frison.

Enfòmasyon pou pran kontak

Si ou genyen nenpòt kesyon, kontakte yon manm nan ekip swen w lan dirèkteman. Si w se yon pasyan nan MSK epi ou bezwen kontakte yon pwofesyonèl swen sante apre 5è apremidi, pandan wikenn, oswa yon jou ferye, rele nan 212-639-2000. Mande pou espesyalis radyoloji entèvansyonèl ki disponib lan.

 

Fason pou benyen avèk yon pwodui antiseptik pou netwaye po (tankou Hibiclens)

Suiv enstriksyon sa yo pou benyen avèk yon pwodui antiseptik pou netwaye po solisyon CHG 4%. Yon antiseptik touye mikwòb ki kapab bay maladi.

  1. Lave cheve ou avèk chanpou ak rens ou abitye lave li a. Rense tèt ou byen rense.
  2. Lave figi ou ak zòn pati jenital (fant janm) ou avèk savon ou abitye sèvi a. Rense kò ou byen avèk dlo tyèd.
  3. Ouvri boutèy pwodui ki gen 4% CHG a. Vide yon tikal nan men ou oswa yon ti sèvyèt twalèt ki pwòp.
  4. Retire kò ou anba dlo k ap koule a. Fwote pwodui ki gen 4% CHG a dousman sou kò w soti nan kou w rive nan pye w. Pinga ou mete li nan figi w ni zòn pati jenital ou.
  5. Retounen anba dlo k ap koule a pou w rense pwodui a sou kò ou. Itilize dlo tyèd.
  6. Seche kò ou avèk yon sèvyèt pwòp.

Pinga ou mete losyon, krèm, deyodoran, makiyaj, poud, pafen, dlo kolòy lè w fin benyen.

Dènye Mizajou

Mèkredi, Out 2, 2023